Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉS

Sekretarya Jeneral Prezidans lan demanti fo kominike sou jou chomaj jedi ak vandredi a

Sekretarya Jeneral Prezidans lan mete aksan sou yon fo nouvèl k ap sikile sou rezo sosyal yo, kote y ap fè kwè Jedi 30 ak Vandredi 31 Oktòb 2025 yo pral deklare kòm jou chomaj akoz pasaj siklòn Mélissa. Nan yon kominike piblik 29 Oktòb la, Prezidans lan fè konnen enfòmasyon sa a pa soti nan okenn otorite leta epi li pa janm pran okenn desizyon konsa.

Daprè sa Sekretarya a presize, okenn desizyon ofisyèl pa t pran ni pa t kominike sou sijè sa. Se poutèt sa li lanse apèl bay popilasyon an pou li pa lage tèt li nan pran fo nouvèl, men pito swiv sèlman chanèl ofisyèl yo pou tout enfòmasyon ki gen rapò ak desizyon leta.

Anfen, biwo kominikasyon Prezidans lan mande sitwayen yo pou yo fè prèv vijilans epi toujou verifye sous enfòmasyon avan yo aji, sitou nan peryòd difisil kote fo nouvèl kapab lakoz anpil konfizyon.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.