MENFP Lanse Enskripsyon pou Kandida Rekale yo an Desanm 2025: Egzamen an ap Fèt 15 pou rive 18 Desanm
Pòtoprens, 31 Oktòb 2025.Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) fè konnen premye sesyon egzamen bakaloreya pou ane akademik 2025–2026 la ap fèt soti 15 pou rive 18 desanm 2025. Sesyon sa a konsène tout kandida ki te echwe nan egzamen leta nivo Philo oswa Segondè 4.
Dapre kominike a, kandida ki pa reyisi yo ap gen dwa konpoze sèlman nan matyè yo pat fè nòt pas la, selon sa ki anrejistre nan baz done BUNEXE la. Yo gen dwa patisipe sèlman si yo echwe nan egzamen an pou de fwa youn apre lòt. Si sa pa fèt, y ap oblije repran tout matyè yo.
Peryòd Enskripsyon
MENFP fikse dat enskripsyon an pou semèn ki soti lendi 3 novanm pou rive vandredi 28 novanm 2025. Tout enskripsyon ap fèt nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE).
Kondisyon pou Patisipe:
1. Yon fich patisipasyon oswa atestasyon ki sòti MENFP, ki montre ou te patisipe nan dènye egzamen yo.
2. De (2) foto idantite.
3. Frè patisipasyon : 2,000 goud pa kandida.
MENFP ankouraje tout kandida yo pou yo respekte kondisyon ak delè sa yo, e li mete Direksyon Depatmantal yo disponib pou resevwa dokiman epi fasilite pwosesis la.Kandida yo dwe prezante tout dokiman yo nan moman enskripsyon an pou evite nenpòt reta oswa refi.

