Wednesday, March 18, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Gwo Laterè nan Montrouis : Gang Canaan mete dife lakay Majistra a ak manman li

Pèsonn pa an sekirite ankò an Ayiti, menm otorite Leta yo vin tounen viktim vyolans gang yo. Jedi 30 oktòb 2025 la, bandi ak zam ki sòti zòn Canaan mete dife nan kay prive ajan egzekitif enterimè Montrouis a, Blaise Élysée. Yo pa t sispann la yo tou mete dife nan kay manman majistra a tou.

Depi kèk semèn, komin Montrouis ap sibi atak regilye nan men bandi sa yo san okenn entèvansyon serye pa fèt. Malgre plizyè apèl detrès sòti nan men abitan yo, otorite yo poko mete okenn dispozisyon pou mete fen ak laterè sa a.

Sitiyasyon an vin pi grav chak jou, epi popilasyon an ap viv nan kè sote. Dife, bal, kouri se reyalite tris komin nan ap fè fas. Abitasyon yo ap boule, epi sekirite pa egziste. Otorite yo mande mobilizasyon rapid pou sove sa ki rete.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.