Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉS

Tribinal Florid Blanchi TikTokè Ayisyen an Mendel Raphael

Tribinal ” Circuit Court for Orange County ” nan Eta Florid pran yon gwo desizyon jedi 30 oktòb 2025 lan, nan dosye ki te konsène TikTokè Ayisyen an, Mendel Raphael. Dapre sa pwokirè ” state la ” , Monique H. Worrell, fè konnen nan yon dokiman ofisyèl, jistis la deside efase tout akizasyon ki te peze sou do akize a epi libere kosyon ki te deja depoze nan ka a.

Desizyon sa a sòti apre tribinal la rekonèt pa t gen ase prèv solid pou kontinye pouswiv Mendel Raphael nan jistis. Anplis, mank de kooperasyon bò kote viktim oswa temwen yo, ki te swa disparèt oswa refize kolabore ak otorite yo, te pouse jij yo bay ka a vag. Kidonk, tribinal la te deside blanchi Mendel Raphael nèt, epi li mande pou yo libere l touswit, si li te toujou nan detansyon, a kondisyon li pa gen lòt dosye ouvè sou non li.

Kèk èdtan sèlman apre desizyon sa a, Mendel Raphael pran lapawòl an dirèk sou TikTok, kote plis pase 47,000 moun t ap suiv li an menm tan. Nan videyo sa, li te eksprime rekonesans li anvè fanatik li yo, epi li te di l ap pran tan pou l reprann fòs apre moman difisil sa a.

Yon detay ki atire atansyon, se lefèt ke desizyon tribinal la tonbe menm jou ak anivèsè nesans Mendel Raphael, sa ki fè anpil nan fanatik li yo wè liberasyon sa tankou yon kado lavi ak yon nouvo kòmansman pou karyè li sou rezo sosyal yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.