Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSPOLITIQUE

KEP a mete pwojè dekrè elektoral la disponib pou sosyete sivil ak aktè politik yo

Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) anonse piblikman pwojè dekrè elektoral ki dwe sèvi pou òganize pwochen eleksyon yo disponib kounye a. Nan lide pou garanti transparans ak enklizyon, KEP envite tout pati politik, òganizasyon sosyete sivil, ak popilasyon an an jeneral pou yo vin pran yon kopi dokiman an pou yo ka bay opinyon yo.

Distribisyon kopi dokiman an ap fèt nan lokal KEP la ki chita nan nimewo 72, ri Stephen Archer, Petyonvil. Depi vandredi 31 oktòb 2025, soti 10 è nan maten pou rive 5 è nan aprèmidi, tout moun ki enterese ap ka jwenn yon vèsyon enprime pou li, analize li, epi mete tout remak yo sou li.

Tout sijesyon ak rekòmandasyon yo dwe depoze nan adrès sa a, pandan lè sa yo, jiskaske 10 novanm 2025. Se yon dat limit ki fikse pou pèmèt KEP ranmase opinyon sou dokiman an epi, si sa nesesè, fè amelyorasyon avan l final.

Finalman, KEP lanse apèl bay tout aktè nan lavi nasyonal la pou yo patisipe aktif nan sa yo rele konsiltasyon piblik la. Enstitisyon an reafime angajman li pou li mennen tout pwosesis elektoral la ak endepandans, onètete, ak respè pou tout moun.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.