FHF soutni Wilson Isidor epi mande pou respè rete nan mitan rivalite foutbòl la
Federasyon Ayisyèn Foutbòl la (FHF) pran pozisyon sou reyaksyon ki leve apre selebrasyon atakan ayisyen Wilson Isidor la. Nan yon kominike li pibliye 3 oktòb, enstitisyon an defann jwè a epi mete aksan sou nesesite pou evite entèpretasyon ki ta ka bay jès li a yon sans ki depase kad espòtif la.
Dapre FHF la, fason Wilson Isidor montre atachman li ak orijin ayisyen li pa ta dwe konsidere kòm yon zak ostil oswa yon mank respè pou yon lòt pèp oubyen yon lòt nasyon. Federasyon an mande pou selebrasyon an konsidere nan kontèks kote li te fèt la, sitou kòm yon ekspresyon ki gen rapò ak foutbòl ak idantite jwè a.
FHF la pwofite raple tou wòl foutbòl la kòm yon mwayen pou mete moun ak pèp yo ansanm. Pou federasyon an, konpetisyon ki genyen ant seleksyon yo pa dwe kraze respè ki dwe egziste ant jwè yo, fanatik yo ak diferan nasyon yo.
Nan menm sans lan, enstitisyon an swete polemik ki soti nan selebrasyon Wilson Isidor la rete sou teren espòtif la. FHF la pa vle kesyon sa a sèvi pou lòt objektif ki pa gen rapò ak foutbòl, pandan li renouvle sipò li pou jwè ayisyen yo lè y ap eksprime fyète yo ak atachman yo pou Ayiti.

