Sunday, October 4, 2026
ACTUALITÉSSPORT

Wilson Isidor renouvle fyète li pou Ayiti epi mande respè

Apre divès reyaksyon ki te leve sou kèk deklarasyon ki te fèt apre match Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan, atakan ayisyen Wilson Isidor pran lapawòl sou rezo sosyal yo. San li pa antre dirèkteman nan polemik la, foutbolè a mete aksan sou lanmou li pou peyi a, fyète li genyen pou l reprezante Ayiti ak enpòtans respè nan espò a.

Nan mesaj li a, Isidor fè konnen jwe pou seleksyon nasyonal la depase yon senp aktivite espòtif. Dapre li, lè yon jwè mete mayo Ayiti, li pote avèk li istwa peyi a, idantite li, kilti li ansanm ak espwa yon pèp. Li konsidere privilèj sa a kòm yon responsablite enpòtan pou nenpòt jwè ki reprezante nasyon an.

Entènasyonal ayisyen an pa kache fyète li genyen pou l mete koulè peyi a. « Mwen mete mayo sa a ak yon gwo fyète. Se yon fyète ki fon, ki sensè, ki pa bezwen opoze ak pèsonn pou l egziste », se sa li ekri. Pou li, chak ekip gen dwa defann koulè pa l ak tout pasyon li, men sa dwe fèt san respè pou advèsè a pa disparèt.

Wilson Isidor rekonèt tou rivalite ak emosyon se yon pati nan foutbòl. Pandan 90 minit yo, ekip yo ap goumen pou viktwa, gen tansyon, koulè ak anpil emosyon. Men, dapre atakan an, lè abit la sifle fen match la, se respè ki dwe rete. « Apre sa, sa ki pi enpòtan an rete: respè nou genyen youn pou lòt ak sa espò a kapab kreye ant pèp yo », li souliye.

Nan fen mesaj li a, Isidor raple foutbòl kapab sèvi kòm yon espas kote moun ki soti nan diferan kominote ak kilti ka rankontre. « Diferans nou yo fè bote foutbòl la. Kapasite nou pou nou reyini bò kote l fè grandè li », li deklare. Atakan an fini ak yon mesaj ki montre atachman li ak peyi a : « Mwen fyè de Ayiti. Fyè de pèp nou an. Fyè pou m pote koulè nou yo. »

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *