Saturday, October 3, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Delmas 33 : yon polisye ta touye madanm li ak pitit li anvan li touye tèt li

Yon gwo trajedi familyal dewoule jodi samdi 3 oktòb 2026 la nan zòn Sitron, Dèlma 33, kote yon polisye PNH ki idantifye kòm Loucko , manm 32e pwomosyon an, ta touye madanm li ak pitit yo te genyen ansanm anvan li ta touye tèt li. Dapre enfòmasyon ki disponib yo, polisye a te yon aspiran CAT Team, pandan madanm li, Magalie, te yon polisye ki te afekte nan inite BOID.

Tou de polisye yo te soti nan 32e pwomosyon PNH la. Selon enfòmasyon yo, trajedi a fèt nan kay kote koup la t ap viv nan Dèlma 33. Yon pitit sè polisye a te prezan nan kay la nan moman ensidan an, men li pa t viktim nan zak la.

Pou kounye a, sikonstans ki ta mennen polisye a komèt zak sa a ansanm ak motivasyon li yo poko klè. Otorite konsène yo gen pou mennen ankèt pou detèmine egzakteman sa ki te pase nan kay la epi etabli tout detay sou trajedi sa a ki lakòz lanmò twa moun.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *