Saturday, October 3, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Ayiti : Anbasad la demanti enfòmasyon sou yon swadizan pozisyon ofisyèl apre match kont Repiblik Dominikèn

Anbasad Ayiti nan Repiblik Dominikèn demanti enfòmasyon kèk medya dominiken ap fè sikile sou yon swadizan pozisyon ofisyèl gouvènman ayisyen an apre match Ayiti ak Repiblik Dominikèn, ki te jwe premye oktòb 2026 nan kad Lig Nasyon CONCACAF la. Nan yon nòt voye bay Ministè Afè Etranjè ak Kilt yo, anbasad la presize li pa t pibliye okenn deklarasyon ofisyèl sou kesyon an.

Nan nòt diplomatik li voye bay Ministè Afè Etranjè ak Kilt yo, samdi 3 oktòb 2026, Anbasad Ayiti nan Santo Domingo pote yon presizyon sou enfòmasyon k ap sikile nan medya dominiken yo konsènan evènman ki te dewoule apre rankont foutbòl ki te opoze seleksyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan.

Anbasad la demanti klèman nenpòt enfòmasyon ki ta fè kwè li te pran yon pozisyon ofisyèl sou ensidan an, oswa li te pale nan non gouvènman ayisyen an. Dapre dokiman an, anbasad la pa t pibliye okenn pozisyon ofisyèl, ni nan non pa l, ni nan non gouvènman ayisyen an sou dosye sa a.
Reprezantasyon diplomatik ayisyen an di li deplore konsekans ki kapab soti nan difizyon enfòmasyon li konsidere kòm fo oswa twonpe. Li mande responsablite moun ki ap fè deklarasyon sa yo ak sila yo k ap relaye yo nan espas piblik la, sitou nan yon kontèks kote relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn rete sansib.

Match ant de seleksyon yo te fèt premye oktòb nan kad Lig Nasyon CONCACAF la kote Ayiti te bimen Repiblik Domininèn 4-1. Apre rankont la, plizyè enfòmasyon ak deklarasyon te sikile nan medya dominiken yo sou ensidan ki te fèt alantou match la, sa ki pouse Anbasad Ayiti a fè presizyon sa a pou mete aksan sou pozisyon ofisyèl li.

Nan fen nòt la, Anbasad Ayiti nan Repiblik Dominikèn renouvle konsiderasyon li pou Ministè Afè Etranjè ak Kilt yo, pandan li raple piblik la ak medya yo enpòtans pou verifye sous enfòmasyon yo anvan yo prezante yon deklarasyon kòm yon pozisyon ofisyèl gouvènman ayisyen an.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *