Pri Nobel Medsin 2026 : twa syantifik mete limyè nan rechèch sou memwa ak fonksyònman sèvo a
Komite Nobel la anonse lendi 5 oktòb 2026 la, pri Nobel nan Medsin pou ane 2026 ale jwenn Ameriken Karl Deisseroth ansanm ak Alman Peter Hegemann ak Georg Nagel. Twa chèchè yo jwenn rekonesans sa a pou dekouvèt ki te pèmèt syantifik yo sèvi ak limyè pou obsève epi kontwole aktivite kèk selil nan sèvo a, yon apwòch ki pote gwo chanjman nan etid memwa ak fonksyonman sistèm nève a.
Travay Hegemann ak Nagel yo te kontribye nan dekouvèt pwoteyin ki kapab reyaji ak limyè. Sou baz rechèch sa yo, Karl Deisseroth te patisipe nan devlope epi mete teknik optojenetik la nan sèvis nerosyans. Teknik sa a pèmèt chèchè yo aktive oswa bloke aktivite sèten newòn avèk limyè, yon presizyon ki bay syans lan nouvo posiblite pou etidye fason sèvo a trete enfòmasyon epi konsève souvni.
Avansman sa a pa rete sèlman nan laboratwa. Optojenetik la vin tounen yon zouti enpòtan pou analize koneksyon ki egziste ant aktivite newòn yo ak memwa, emosyon ak konpòtman. Chèchè yo espere travay ki fèt sou mekanis sa yo kapab ede pi byen konprann plizyè maladi ki afekte sèvo a epi, alavni, kontribye nan devlopman nouvo apwòch terapetik.
Avèk rekonpans sa a, Nobel Medsin 2026 la mete aksan sou yon avansman syantifik ki chanje fason rechèch sou sèvo fèt: limyè pa sèvi sèlman pou wè, li vin tounen yon zouti pou fouye pi fon nan mistè memwa ak sistèm nève imen an.
pascalfleuristil2018@gmail.com

