Monday, October 5, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Kenskòf: Anbasadè Lafrans Gauthier Lekens salye detèminasyon otorite yo nan batay kont gwoup ame yo

Nouvo anbasadè peyi Lafrans an Ayiti, Gauthier Lekens, te vizite komin Kenskòf ayè dimanch 4 oktòb 2026 la pou l pran enfòmasyon sou sitiyasyon sekirite a epi obsève efò fòs lòd yo ap fè pou reprann kontwòl plizyè zòn ki te anba men gwoup ame yo.

Pandan vizit li a, diplomat fransè a te rekonèt travay otorite lokal yo, ki kontinye fonksyone malgre anviwon 21 mwa konfwontasyon ak gwoup ame yo. Gauthier Lekens mete aksan sou pozisyon estratejik Kenskòf pou peyi a. Pou li, yon viktwa kont gwoup ame yo nan zòn nan ta gen yon gwo valè senbolik, sitou nan kontèks batay Leta ap mennen pou retabli otorite li sou teritwa nasyonal la.

Meri Kenscoff, bò pa li, reyafime sipò li pou Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Ame d Ayiti (FAd’H) ak lòt fòs k ap patisipe nan operasyon sekirite yo. Otorite lokal yo mete priyorite sou konsolidasyon zòn yo repran nan men bandi yo, pandan y ap chèche kreye kondisyon ki nesesè pou popilasyon ki te oblije kite kay yo kapab retounen nan kominote yo.

Vizit anbasadè Lafrans lan mete Kenskòf ankò nan mitan diskisyon sou batay kont ensekirite ann Ayiti. Pou otorite lokal yo, defi a pa sèlman konsène reprann teritwa, men tou garanti prezans Leta, pwoteje popilasyon an epi pèmèt lavi ekonomik ak sosyal la rekòmanse nan zòn ki sibi vyolans.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *