Monday, October 5, 2026
ACTUALITÉSSOCIÉTÉSPORT

Dukens Nazon bay tout prim Mondyal 2026 li pou yon pwojè edikasyon ann Ayiti

Atakan entènasyonal ayisyen an, Dukens Nazon, anonse lendi 5 oktòb 2026 la lansman pwòch yon pwojè li konsakre ak edikasyon ann Ayiti. Dezyèm pi gwo bitè nan seleksyon nasyonal la fè konnen li deside mete totalite prim li te resevwa pou kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la nan finansman inisyativ sa a.

Dukens Nazon fè anons la sou rezo sosyal li yo, kote li esplike pwojè a deja antre nan faz aplikasyon. Daprè atakan an, inisyativ la pa rete nan nivo yon lide oswa yon pwomès, paske travay yo deja kòmanse sou teren an. Li anonse li pral prezante pwojè a bay piblik la nan jou k ap vini yo.

«La totalité de ma prime de qualification pour la Coupe du Monde 2026 a été reversée, jusqu’au dernier centime, à un projet consacré à l’éducation en Haïti», ekri Dukens Nazon. Li presize desizyon sa a pa fèt pou resevwa felisitasyon, men pito pou montre li posib pou chak moun aji konkrètman, selon mwayen li, pou kontribye nan peyi a.

Nazon lanse yon apèl tou bay moun ki gen kapasite pou ede, an Ayiti kou aletranje, sitou dyaspora ayisyen an. Li ankouraje yo envesti nan peyi a, nan jèn yo ak nan avni yo. Pou foutbolè a, si chak moun pote kontribisyon pa li, ansanm yo kapab konstwi yon bagay ki pi gran pase yo.«Chanjman nou espere wè an Ayiti a dwe kòmanse avèk nou tou», soutni entènasyonal ayisyen an.

Atravè pwojè sa a, Dukens Nazon vle mete aksan sou enpòtans edikasyon epi ankouraje plis aksyon konkrè an favè jèn Ayisyen yo. Detay sou inisyativ la dwe prezante piblikman nan pwochen jou yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *