Tuesday, October 6, 2026
ACTUALITÉSJUSTICE

Jistis ayisyen an antre nan yon nouvo ane ak refòm ak efikasite kòm priyorite

Ane jidisyè 2026-2027 la louvri ofisyèlman nan yon moman kote sistèm jistis ayisyen an ap fè fas ak gwo defi. Pandan seremoni ki te dewoule lendi 5 oktòb la nan Lakou Kasasyon an, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé mete aksan sou nesesite pou modènize sistèm nan, rann jistis la pi efikas epi ranfòse konfyans sitwayen yo nan enstitisyon jidisyè yo.

Pandan seremoni an, prezidan Lakou Kasasyon an ak Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, majistra Jean Joseph Lebrun, prezante bilan ane jidisyè 2025-2026 la. Dapre chif yo, Lakou Kasasyon an te rann 286 desizyon, senk Lakou Apèl yo te bay 249 arè, pandan Tribinal Premye Enstans yo te trete 6 388 dosye. Rezilta sa yo montre nivo aktivite ki genyen nan tribinal yo, men yo mete an menm tan limyè sou nesesite pou sistèm nan kontinye amelyore kapasite li pou trete dosye yo nan delè rezonab.

Nan entèvansyon li, Premye minis la, ki ap asire pwovizwaman fonksyon minis Jistis la, anonse aplikasyon nouvo Kòd penal la ansanm ak nouvo Kòd pwosedi penal la apati 1ye janvye 2027. Dapre li, nouvo dispozisyon sa yo dwe sèvi kòm zouti pou pote plis modènite ak efikasite nan sistèm jistis la. Li raple tou mezi ki pran kont detansyon prevantif ki dire twò lontan, sitou liberasyon plizyè prizonye nan Jakmèl ak Pòtoprens.

Gouvènman an mete aksan tou sou relansman seyans kriminèl yo nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, apre uit lane kote pwosesis sa a te kanpe, ansanm ak fonksyònman de poto jidisyè espesyalize nan kapital la. Pou Premye minis la, kestyon jistis la mache kole ak kestyon sekirite a. Li soutni pa ka gen sekirite dirab san yon jistis ki solid, endepandan, aksesib epi ki kapab pwoteje sitwayen yo.

Nan yon lòt aspè, gouvènman an di li dispoze kontinye akonpaye Konsèy Elektoral Pwovizwa a nan pwosesis elektoral la, nan objektif pou fasilite retou peyi a nan yon fonksyònman demokratik nòmal. Otorite yo ap fè fas ak yon gwo responsabilite : fè refòm yo pase nan aksyon konkrè, pou jistis la pa rete sèlman nan nivo deklarasyon.

Nouvo ane jidisyè a ap louvri ak anpil pwomès. Se rezilta refòm yo sou teren an, sitou pou moun k ap tann jistis, ki pral pèmèt popilasyon an mezire vrè efikasite nouvo oryantasyon an.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *