KEP pwolonje peryòd enskripsyon kandida yo, kanpay elektoral la ranvwaye
Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) anonse yon seri chanjman nan kalandriye pwosesis elektoral la, apre desizyon Konsèy Minis la pran lendi 5 oktòb la pou pote kèk modifikasyon nan Dekrè Elektoral 2 jen 2026 la.
Dapre yon kominike KEP pibliye nan aswè lendi a, peryòd pou kandida yo fè enskripsyon sou entènèt ansanm ak peryòd pou depoze pyès ki nesesè yo pwolonje rive 31 oktòb. Desizyon sa a vin chanje premye dispozisyon ki te fikse yon lòt delè pou etap sa yo nan pwosesis la.
An menm tan, KEP anonse kanpay elektoral la pap kòmanse 5 oktòb jan premye kalandriye elektoral la te prevwa. Nouvo dat pou ouvèti kanpay la poko fikse. Enstitisyon elektoral la fè konnen dat sa yo pral kominike pita, nan kad yon kalandriye elektoral ki pral mete ajou epi finalize ansanm ak estrikti politik ki legalman otorize patisipe nan eleksyon yo.
KEP presize tou enskripsyon elektè yo ap kontinye, men li poko anonse yon nouvo dat pou fèmen operasyon sa a. Enstitisyon an pwofite remèsye pati politik ak gwoupman ki te patisipe nan konsiltasyon ki te mennen nan chanjman sa yo.
pascalfleuristil2018@gmail.com

