Messi fè dènye aparisyon li ak Ajantin, yon paj istorik fèmen nan Monumental la
Lionel Messi mete yon pwen final sou avanti li ak seleksyon Ajantin nan devan piblik Monumental la. A 39 an, kapitèn Albiceleste la patisipe nan yon viktwa 3-0 kont Benen, kote li te bay de pas desizif epi make yon gòl sou penalite. Se yon sòti ki chaje ak emosyon pou youn nan pi gwo figi foutbòl mondyal la.
Avèk 208 seleksyon ak 126 gòl, Messi kite seleksyon Ajantin nan ak rekò kòm jwè ki jwe plis match epi kòm pi gwo bitè nan istwa ekip nasyonal la. Pandan plis pase 20 lane , li travèse plizyè jenerasyon epi rive ranmase pi gwo twofe yo : Copa América 2021, Koup di Mond 2022 ak Copa América 2024. Dènye chapit sa a vini apre yon long peryòd kote li te pote presyon ak espwa tout yon peyi sou zepòl li.
Men retrèt entènasyonal la pa vle di fen Messi sou teren foutbòl la. Atakan Ajanten an ap kontinye jwe pou Inter Miami, kote kontra li mare l ak klib ameriken an jiska 2028. An menm tan, li kòmanse bay plis enpòtans ak aktivite li nan sektè foutbòl la, sitou ak antre li nan kapital yon klib tankou CD Eldense nan peyi Espay. Se konsa, apre li fin bati lejand li kòm jwè, Messi sanble ap prepare yon nouvo etap kòm envestisè ak aktè nan endistri foutbòl la.
Monumental la pa t sèlman temwen yon viktwa; li te vin tounen sèn kote yon epòk pran fen. Messi kite mayo Albiceleste la dèyè li, men tras li nan istwa foutbòl Ajantin ak foutbòl mondyal la ap rete byen fon.
pascalfleuristil2018@gmail.com

