Wednesday, October 7, 2026
ACTUALITÉS

Joseph Mécène Jean-Louis, ansyen jij Kou Kasasyon an, mouri a 77 an

Ansyen jij Kou Kasasyon an, Joseph Mécène Jean-Louis, mouri nan lannwit Madi 6 oktòb 2026 a laj 77 an daprè plizyè medya pami yo Jounal Lakay. Non li te rete make nan memwa politik peyi a sitou pou wòl li te jwe nan gwo kriz politik fevriye 2021 an, lè yon pati nan opozisyon politik la ak kèk sektè nan sosyete sivil la te chwazi l kòm prezidan pwovizwa pou dirije yon tranzisyon apre Jovenel Moïse.

Nan moman sa a, Joseph Mécène Jean-Louis te jij ki te gen plis ansyènte nan Kou Kasasyon an. Li te aksepte chwa opozisyon an e li te deklare li pare pou sèvi peyi a kòm prezidan pwovizwa. Me André Michel, ki te pòtpawòl Sek­tè Demokratik ak Popilè a, te piblikman konfime chwa a. Men pwojè tranzisyon sa a pa t janm rive pran fòm, pandan Jovenel Moïse ak opozisyon an te nan yon gwo dezakò sou dat manda prezidansyèl la te dwe fini.

Apre anons chwa li a, otorite egzekitif yo te pran mezi kont magistr­a a. Joseph Mécène Jean-Louis ansanm ak de lòt jij Kou Kasasyon an te mete sou retrèt pa yon arete prezidansyèl. Gouvènman an te konsidere demach opozisyon an kòm yon vyolasyon Konstitisyon an ak yon tantativ pou kreye plis enstabilite nan peyi a.

Avèk lanmò Joseph Mécène Jean-Louis, peyi a pèdi yon magistr­a ki te pase plizyè dizèn lane nan sistèm jidisyè a, men ki te vin antre nan listwa politik resan Ayiti apre yon desizyon ki te mete non li nan mitan youn nan pi gwo konfwontasyon enstitisyonèl peyi a te konnen anvan asasina Jovenel Moïse.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *