Rapò Nasyonzini sou Ayiti mete aksan sou lyen prezime ant pèsonalite ak gwoup ame
Yon nouvo rapò Gwoup d’ekspè Nasyonzini sou Ayiti soulve gwo enkyetid sou fason rezo politik, ekonomik ak gwoup ame ta ka kwaze nan kriz sekirite peyi a. Dokiman an mete non plizyè pèsonalite ayisyen nan yon seri enfòmasyon sou lyen prezime ak rezo ame, pandan li dekri yon sitiyasyon kote gang yo kontinye egzèse yon gwo enfliyans sou plizyè zòn.
Pami non ki parèt nan rapò a, dapre enfòmasyon ki pibliye sou dokiman an, genyen Alfredo Antoine, Nènèl Cassy, Youry Latortue, Rony Célestin, Rosemila Petit-Frère, Magalie Habitant ak Prophane Victor. Li enpòtan pou souliye ke mansyone yon non nan yon rapò konsa pa vle di moun nan deja kondane pou yon krim; se ekspè Nasyonzini yo ki prezante enfòmasyon ak akizasyon sou lyen yo prezime, pandan kèk nan moun konsène yo deja konteste oswa demanti sa yo rapòte sou yo.
Dapre analiz Nasyonzini an, pwoblèm nan depase kestyon gang yo sèlman. Rapò a mete aksan sou rezo ki ta ka sèvi pou fasilite finansman gwoup ame, trafik zam ak lòt aktivite ilegal. Ekspè yo konsidere ranfòsman anbago sou zam ak aplikasyon pi efikas rejim sanksyon yo kòm kèk nan mezi ki kapab limite kapasite rezo sa yo. Malgre kèk operasyon otorite ayisyen yo, Nasyonzini estime yon gwo pati nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan toujou anba kontwòl gang.
Rapò sa a mete yon lòt fwa ankò yon kesyon lou devan Leta ayisyen an : ki moun k ap alimante sistèm vyolans lan, ki kote lajan ak zam yo soti, epi ki jan rezo sa yo rive fonksyone pandan enstitisyon yo ap febli? Pou anpil obsèvatè, batay kont ensekirite a pa kapab limite sèlman ak operasyon sou teren an; li mande tou ankèt finansye, lajistis ki fonksyone epi mezi serye kont tout moun ki ta sèvi kòm sipò oswa entèmedyè pou gwoup ame yo.
pascalfleuristil2018@gmail.com

