Yon rapò Nasyonzini mete Jean-Charles Moïse nan mitan akizasyon sou yon rezo kontrebann zangi ann Ayiti
Non ansyen senatè Jean-Charles Moïse parèt nan dènye rapò Gwoup ekspè Nasyonzini sou Ayiti a, nan yon ankèt ki soulve gwo kesyon sou yon rezo kontrebann transnasyonal ki ta enplike komès sivèl , yon kalite ti zangi yo ekspòte. Dapre rapò a, sektè sa a ta fonksyone nan yon anviwònman kote mank regilasyon, enfliyans politik ak koripsyon ta fasilite aktivite ilegal.
Ankèt sou yon ensidan ki te fèt 20 desanm 2024 nan Fort-Liberté ta mennen ekspè yo sou tras yon rezo ki t ap melanje machandiz ki soti nan divès founisè ilegal nan rejyon an ak sa ki soti ann Ayiti, anvan yo ekspòte yo kòm si yo te gen yon sèl orijin ayisyen. Nan mwa jen 2026, sèvis ladwàn yon peyi manm Nasyonzini ta konfime egzistans yon rezo transnasyonal ki t ap jwenn sivèl ann Ayiti. Rapò a prezante sektè sa a kòm yon domèn ki manke transparans e ki ta vin sitou anba enfliyans Jean-Charles Moïse.
Gwoup ekspè yo akize tou responsab pati Pitit Dessalines lan genyen enfliyans sou kèk estrikti leta ki gen rapò ak komès zangi la. Dapre dokiman an, li ta gen enfliyans sou Ministè Agrikilti a, ki bay pèmi ekspòtasyon yo, ansanm ak sou ajan ladwàn ki responsab kontwòl machandiz yo. Akizasyon sa yo mete aksan sou risk ki genyen lè pouvwa politik, enterè ekonomik ak mekanis kontwòl leta yo twò pwòch youn ak lòt.
Rapò Nasyonzini an relanse konsa deba sou transparans nan jesyon resous peyi a ak sou kapasite leta ayisyen pou konbat kontrebann. Kounye a, kestyon ki poze a se konnen ki jan otorite yo pral reyaji devan akizasyon sa yo epi si pral gen verifikasyon endepandan sou wòl chak moun ak chak enstitisyon ki site nan rapò a.
pascalfleuristil2018@gmail.com

