Manifestasyon elèv, etidyan ak pwofesè mete Lafrans tèt anba
Lafrans ap fè fas ak yon gwo mobilizasyon pwofesè ,elèv ak etidyan nan plizyè vil nan peyi a. Plizyè dizèn milye jèn desann nan lari ayè madi 6 oktòb la pou denonse kondisyon etid yo, mank mwayen nan lekòl ak inivèsite yo, klas ki chaje twòp, mank pwofesè ansanm ak degradasyon kèk etablisman. Sitiyasyon an mete plizyè sektè anba tansyon pandan mouvman pwotestasyon an ap pran anplitid.
Nan kapital la, elèv lekòl segondè, etidyan ak òganizasyon sendikal yo te anonse yon gwo mach soti nan «République» pou rive nan «Nation». Plizyè inivèsite bloke tou nan kad mobilizasyon an. Manifestan yo mande otorite yo mete plis resous nan edikasyon epi pran mezi pou amelyore kondisyon aprantisaj ak ansèyman.
Mobilizasyon sa a vin ajoute sou lòt kesyon sosyal ki deja ap anime deba piblik la an Frans. Pandan manifestan yo ap kontinye fè tande revandikasyon yo, otorite yo gen pou jere konsekans mouvman an sou fonksyònman lekòl ak inivèsite yo ansanm ak lavi chak jou nan plizyè vil.
Pou kounye a, lari yo rete youn nan prensipal espas kote jèn yo ap fè tande vwa yo pou mande chanjman nan kondisyon edikasyon an.
pascalfleuristil2018@gmail.com
CP: euronews

