Christa Pike repran konesans apre li te siviv yon ekzekisyon ak piki letal Ozetazini
Christa Pike, yon fanm 50 lane ki te kondane jiska lamò nan eta Tennessee, Ozetazini, repran konesans apre li te siviv anba yon tantativ ekzekisyon ak piki letal ki te fèt 30 septanm 2026. Avoka li yo fè konnen madi 6 oktòb la li te kòmanse reveye, anvan yo konfime mèkredi 7 oktòb la li kapab pale, men kapasite li pou kominike toujou limite.
Daprè youn nan avoka li yo, Randy Spivey, Pike parèt « an kòlè e dezoryante ». Li esplike fanm nan gen yon sèten konsyans sou sa ki te rive l, pandan ekip medikal la ap kontinye siveye eta sante li. Avoka a di sitiyasyon an te tèlman grav lendi swa, yo te panse Pike te nan yon eta lanmò serebral e yo te prèske retire aparèy ki t ap ede kenbe l an vi.
Pike te resevwa de dòz pentobarbital, yon medikaman yo itilize nan pwosedi ekzekisyon pa piki letal. Men, pwosedi a pa t rive nan bout li akoz gwo difikilte pou etabli perfusion yo. Olye medikaman an antre nòmalman nan sikilasyon san an, ekspè yo sispèk li te gaye nan tisi ki ozalantou venn yo, sa ki ta kapab esplike gwo blesi li sibi nan bra li.
Aprè tantativ ekzekisyon an, otorite yo te transpòte Christa Pike lopital kote li rete nan yon eta kritik. Daprè avoka li yo, bra li boule epi yo kouvri ak anpoul. Malgre kondisyon li, li toujou menote sou kabann lopital la, yon sitiyasyon defans li ap mande pou otorite yo mete fen ladan l.
Pike te kondane jiska lamò nan lane 1995 pou asasina Colleen Slemmer, yon kamarad fòmasyon li ki te gen 19 an. Li te dwe vin premye fanm yo egzekite nan Tennessee depi plis pase 200 an. Si li rete sèl moun Ozetazini ki te resevwa pwodwi yon piki letal epi ki siviv, ka li a deja konsidere kòm yon ka san parèy nan peyi a.
Echèk ekzekisyon an lakòz gwo konsekans nan Tennessee. Gouvènè repibliken eta a, Bill Lee, sispann ekzekisyon yo epi bay lòd pou yon ankèt endepandan fèt. Chèf administrasyon prizon Tennessee a demisyone tou apre ensidan an, pandan yon jij nan Nashville bay lòd pou konsève tout prèv ki gen rapò ak tantativ ekzekisyon an, tankou anrejistreman, sereng, pwodwi yo te itilize ak temwayaj.
Ka Christa Pike la relanse tou deba sou itilizasyon piki letal kòm metòd ekzekisyon Ozetazini. Avoka yon lòt kondane a lanmò nan Texas deja sèvi ak echèk sa a kòm agiman pou mande yon ranvwa. Pou Pike li menm, espesyalis yo estime li ka pran plizyè semèn oswa menm plizyè mwa anvan yo konnen kijan sante fizik ak mantal li pral evolye, sitou pou detèmine si li ap janm rive nan kondisyon mantal ki nesesè pou yon lòt tantativ ekzekisyon.
CP: Fox News

