Dosye Jovenel Moïse : Prezidan Kolonbi an kalifye ansyen militè yo kòm « ewo »
Gouvènman Kolonbi an pran pozisyon an favè plizyè ansyen militè kolombyen ki nan prizon Ozetazini nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse. Prezidan Abelardo de la Espriella te anonse, madi 6 oktòb 2026, yon seri mezi pou ede moun sa yo ansanm ak fanmi yo pandan pwosedi jidisyè a ap kontinye.
Nan yon mesaj li pibliye sou kont li sou rezo sosyal X, chèf leta kolombyen an di li mande minis Defans ak Jistis yo pou bay ansyen militè yo asistans legal. Dapre li, objektif la se pèmèt moun ki konsène yo jwenn sipò nesesè pou defann tèt yo devan otorite jidisyè ameriken yo.
Prezidan Kolonbi an anonse tou yon èd finansyè pou fanmi ansyen militè yo. Li esplike desizyon sa a baze sou nesesite pou pa fè moun ki inosan sibi konsekans pou zak lòt moun ta komèt. Li mande tou pou responsablite chak moun nan dosye asasina Jovenel Moïse la byen detèmine.
Abelardo de la Espriella ale pi lwen nan deklarasyon li yo lè li prezante ansyen militè yo kòm « ewo » epi li asire yo gouvènman an pap abandone yo. Li di li vle konnen egzakteman sa ki te pase nan asasina prezidan ayisyen an, pandan li mande pou laverite ak responsablite endividyèl yo etabli.
Minis Jistis Kolonbi an, Iván Cancino, konfime bò kote pa l ke asistans legal la pral mete disponib pou moun ki konsène yo. Gouvènman kolombyen an deja antre an kontak ak ansyen militè yo ki nan detansyon Ozetazini, pandan pwosedi jidisyè ameriken yo ap kontinye nan youn nan dosye ki toujou ap chèche etabli responsablite moun ki enplike nan asasina Jovenel Moïse la.

