Bidjè 2026-2027 la rive 401,2 milya goud, sekirite ak eleksyon pami pi gwo priyorite yo
Minis Ekonomi ak Finans lan, Serge Gabriel Colin, prezante bidjè peyi a pou egzèsis fiskal 2026-2027 la, ki monte a 401,2 milya goud. Gouvènman an di nouvo kad finansye sa a dwe sèvi kòm yon zouti pou ranfòse aksyon Leta epi bay peyi a yon direksyon ki pi klè nan yon peryòd kote kriz ekonomik ak ensekirite kontinye peze sou aktivite nasyonal yo.
Daprè Gran Trezorye a, bidjè a chita sou twa gwo priyorite: ranfòsman sekirite, avansman pwosesis elektoral la ak relans ekonomi nasyonal la. Chwa sa yo montre volonte otorite yo pou mete plis resous nan dosye ki gen gwo enpak sou fonksyònman peyi a. Sekirite rete yon gwo defi, pandan pwosesis elektoral la mande mwayen pou prepare pwochen etap tranzisyon demokratik la.
Sou plan ekonomik la, gouvènman an vle sèvi ak nouvo bidjè a pou ankouraje repriz aktivite yo epi ranfòse entèvansyon piblik la. Men, kantite lajan ki anonse a pa sifi poukont li pou garanti rezilta. Fason administrasyon an pral kolekte resous yo, distribye yo epi depanse yo pral jwe yon wòl enpòtan nan efikasite politik piblik yo.
Bidjè 2026-2027 la rive konsa nan yon moman kote popilasyon an ap tann plis sekirite, plis sèvis piblik ak yon amelyorasyon nan kondisyon ekonomik yo. Ant objektif gouvènman an anonse yo ak reyalite teren an, gen yon gwo travay ki rete pou fèt.
Kounye a, se aplikasyon bidjè a k ap bay pi bon mezi sou angajman gouvènman an. 401,2 milya goud yo pral gen tout valè yo sèlman si yo rive tradui an aksyon konkrè, sèvis pou popilasyon an ak rezilta vizib nan diferan sektè peyi a.
pascalfleuristil2018@gmail.com

