Thursday, October 8, 2026
ACTUALITÉSSPORT

Kopa Amerika 2028 : yon posib elajisman konpetisyon an ka louvri pòt la pou Ayiti

Pwochen edisyon Kopa Amerika a kapab pote yon chanjman enpòtan nan fòma konpetisyon an. Daprè enfòmasyon The Times rapòte, Etazini ta dwe òganize tounwa a an 2028, pandan CONMEBOL ta ap etidye posibilite pou ogmante kantite ekip yo soti 16 pou rive 20.

Nan nouvo fòma sa a, 10 seleksyon Amerik di Sid yo ta toujou ladan l, pandan plizyè ekip KONKAKAF ta kapab resevwa envitasyon. Ant sis ak dis seleksyon nan zòn KONKAKAF la ta ka patisipe. Pou Haïti, yon pwojè konsa ta ka kreye yon nouvo opòtinite pou Grenadye yo retounen nan youn nan pi gwo konpetisyon foutbòl kontinan an.

Ayiti deja gen yon eksperyans nan Kopa Amerika. An 2016, seleksyon nasyonal la te patisipe nan Copa América Centenario ki te dewoule Ozetazini, kote li te tonbe nan yon gwoup ansanm ak Brezil, Ekwatè ak Pewou. Yon posib retou an 2028 ta pèmèt ekip ayisyen an repran plas li sou yon sèn entènasyonal ki te deja make listwa foutbòl peyi a.

Pou moman an, pa gen okenn konfimasyon ofisyèl sou patisipasyon Ayiti. Men, si CONMEBOL ta valide nouvo fòma a epi bay KONKAKAF plizyè plas, Grenadye yo ta kapab antre nan lis seleksyon ki gen chans jwenn envitasyon an. Se yon dosye ki merite siveyans pandan pwochen mwa yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *