Thursday, October 8, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Rapò Nasyonzini : Alfredo Antoine akize nan bay zam ak sipòte gwoup ame yo nan Kenskòf

Yon nouvo rapò Gwoup ekspè Nasyonzini sou Ayiti mete ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine, nan mitan pèsonalite yo akize pou lyen prezime ak gwoup ame. Dapre ekspè yo, ant 2016 ak 2020, Antoine ta bay zam ak plizyè gwoup jèn nan rejyon an, nan yon lojik kote gwoup sa yo ta sèvi kòm zouti presyon politik kont opozan li yo.

Dapre menm rapò a, kèk nan gwoup jèn sa yo ta vin tounen gang ame kèk ane apre. Ekspè ONU yo akize ansyen palmantè a kòm yon aktè ki ta sèvi ak rezo sa yo pou entimide opozan politik li. Yo site non li tou nan plizyè ka kidnaping ak detansyon ilegal. Rapò a fè konnen Antoine ta patisipe nan planifikasyon plizyè atak nan katye Kenskòf, pami yo atak 27 janvye 2025 la, kote plis pase 100 moun te pèdi lavi yo, pandan kay ak jaden te boule.

Nan ankèt yo, ekspè ONU yo rapòte tou kontak Alfredo Antoine ta genyen ak plizyè manm kowalisyon gang Viv Ansanm, tankou Dady Paul, alyas Didy, yo prezante kòm youn nan prensipal lidè gwoup ame nan Kenskòf. Dokiman an mansyone relasyon regilye ant Antoine ak Magalie Habitant, yon pèsonalite ekspè yo prezante kòm youn nan moun ki konn sèvi kòm lyen ant politisyen, biznisman ak gwoup ame.

Akizasyon sa yo mete yon lòt fwa ankò an kesyon relasyon ki ta egziste ant sèten aktè politik ak gwoup ame ann Ayiti. Rapò ekspè Nasyonzini yo soulve gwo kesyon sou wòl diferan pèsonalite nan vyolans k ap frape Kenskòf, pandan li mete aksan sou nesesite pou otorite jidisyè yo verifye akizasyon sa yo.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *