Diplomasi-Kiltirèl: Asosyasyon ALA nonmen jounalis ak ekriven Ernst Jeudy Anbasadè nan Amerik di Nò
Nan yon nòt Asosyasyon Laviwon Dede (ALA) rann piblik samdi 3 oktòb 2026 la, komite ekzekitif la anonse gran piblik la li lonmen M. Ernst Jeudy kòm Anbasadè Ofisyèl nan Amerik di Nò.
“Nou pwofite okazyon sa a pou nou swete l anpil siksè nan egzèsis fonksyon prestijye sa a ak anpil reyisit nan misyon l, » se ak pawòl sa yo komite a te salye nouvo Anbasadè nome an.
Kiyès ki Ernst Jeudy, nouvo Anbasadè Asosyasyon Laviwon Dede (ALA) nome nan Amerik di Nò a? Jounalis nan seksyon Kiltirèl ajans an liy Impulse WebMédias (IWM) te fè yon antretyen eksklizif avèk li depi peyi Kanada pou fè yon prezantasyon sou li.
Jounalis Jeudy gen plis pase 20 lane nan kominikasyon ak jounalis. Pandan premye pati karyè li nan peyi d Ayiti, li te kouvri anpil kriz sosyopolitik anvan l te al enstale l nan peyi Kanada.
Li te travay nan plizyè medya tankou Twopik FM, Vision 2000, Minustah FM ak Radio-Canada depi 2021 kòm lektè nouvèl, reyalizatè ak responsab afektasyon miltiplatfòm.
Pandan dis (10) lane, li te travay tou pou Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon lan Peyi Ayiti (MINUSTAH). Depi oktòb 2021, l ap pouswiv karyè li nan Radio-Canada kòm jounalis miltiplatfòm, lektè nouvèl ak responsab afektasyon nan sal nouvèl pou Sid-Owès Ontario nan peyi Kanada — yon pwovens ki fè apeprè karant (40) fwa gwosè peyi d Ayiti.
Kòm sivivan ak temwen plizyè katastwòf natirèl, patikilyèman tranbleman de tè ki te devaste Ayiti madi 12 janvye 2010 la, li toujou gade nan memwa l imaj dekonb yo ak soufrans pèp ayisyen an. Pasyon Ernst Jeudy pou jounalis, literati ak jewopolitik ap nouri yon gwo refleksyon lakay li sou rekonstriksyon sosyete ki fragilize yo.
Li se lisansye nan Dwa nan Inivèsite Leta d Ayiti (UEH) epi li fè pati dezyèm kowòt nan pwogram franse Devlopman Ekspètiz nan Lidèchip (DEL) nan Radio-Canada.
Koulye a, ekriven Jeudy ap pouswiv yon maîtrise ès arts nan Etid Kanadyen ak Entèkiltirèl, yon pwogram bileng Inivèsite Saint-Boniface ak Inivèsite Manitoba ap ofri an patenarya.
Nan kad pwodiksyon literè li, li te pibliye premye rekèy powèzi li nan lane 1995 ki rele “Ble Lavi m” nan peyi d Ayiti lè l te gen 17 lane. Nan lane 2011, li te pibliye “Bouken”, yon liv sou tranblemandetè a ki esplike sitiyasyon an pou timoun ayisyen yo.
Li pibliye tou nan mwa fevriye 2026 wòman l ki pote nom “Zombie Lover” an franse ak an anglè sou kont otè, yon liv ki disponib sou plizyè platfòm tankou Amazon, Barnes & Noble ak IngramSpark.
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

