Thélyson Orélien demanti akizasyon ki fè kwè li te itilize entèlijans atifisyèl pou ekri woman li an
Ekriven ayisyen-kanadyen Thélyson Orélien, ki gen 38 lane, sòti nan silans li apre akizasyon ki fè kwè li te sèvi ak entèlijans atifisyèl pou ekri woman li C’était ça ou mourir. Nan yon tèks li voye bay Ajans Frans Près (AFP), otè a rejte akizasyon sa yo, pandan li rekonèt li te fè plajya nan kèk nan ansyen piblikasyon li yo. Polemik sa a te deja lakòz yo retire li nan kous pou pri literè Goncourt la.
Thélyson Orélien deside bay vèsyon pa li sou polemik ki antoure woman li an. Nan yon dokiman ki pote tit « Ce roman que j’ai écrit », ekriven an deklare se li menm ki ekri tout liv la, san okenn entèvansyon entèlijans atifisyèl nan redaksyon fraz yo. Reyaksyon sa a vini apre eseyis Samuel Fitoussi te mete otantisite travay la an dout, sou baz rezilta yon analiz lojisyèl Pangram te fè. Malgre li admèt li te itilize kèk zouti teknolojik pou fè rechèch, Orélien ensiste pou di okenn machin pa ekri woman an nan plas li.
Liv C’était ça ou mourir rakonte istwa Jonas Dorléon, yon pwofesè istwa ak jewografi ki oblije kite Ayiti akoz vyolans k ap ravaje Pòtoprens. Nan woman sa a, pèsonaj prensipal la antre nan yon vwayaj difisil atravè plizyè kontinan anvan li rive Kanada. Atravè istwa sa a, otè a mete aksan sou soufrans moun k ap kite peyi yo, difikilte migran yo rankontre ak konsekans separasyon ak peyi kote yo fèt la.
Pou jistifye orijin travay li, Thélyson Orélien fè konnen woman an soti nan eksperyans pèsonèl li ansanm ak soufrans lòt migran li konnen. Ekriven an, ki ap viv Kebèk depi 2010 apre li te kite Ayiti, eksplike li te kòmanse ekri liv la nan sezon otòn 2017. Dapre li, premye vèsyon maniskri a te fini depi 2019. Sepandan, nan deklarasyon li bay AFP a, li pa prezante okenn prèv materyèl ki kapab konfime dat li bay sou pwosesis ekriti a.
Pandan deba sou itilizasyon entèlijans atifisyèl la ap kontinye, yon ankèt jounal kanadyen La Presse vin mete lòt enfòmasyon sou pase literè Thélyson Orélien devan piblik la. Daprè rezilta ankèt sa a, plizyè powèm ak atik ekriven an te pibliye pandan ane 2010 yo te gen tèks lòt moun li te kopye san li pa t bay otè orijinal yo kredi. Revelasyon sa yo vin ajoute sou kesyon ki deja ap poze sou kredibilite ekriven an, apre eskandal ki lakòz li pèdi plas li nan kous pou pri Goncourt la.
Devan AFP, Thélyson Orélien rekonèt li te fè erè grav nan kòmansman karyè li. Li esplike nan epòk sa a li te gen yon ti kras plis pase 20 lane, li te prese antre nan mond literati a san li pa t byen konprann tout prensip ki dwe gide travay yon ekriven. Li admèt admirasyon li te genyen pou lòt otè pa t ba li dwa pran tèks yo pou fè yo pase kòm pwòp travay pa li. Pou sa, li eksprime gwo regrè epi li prezante eskiz li san okenn rezèv.
Malgre li rekonèt responsablite li nan ansyen ka plajya yo, Thélyson Orélien kontinye rejte tout akizasyon ki fè kwè entèlijans atifisyèl te patisipe nan ekriti C’était ça ou mourir. Sitiyasyon sa a mete ekriven ayisyen-kanadyen an devan yon gwo defi pou defann repitasyon li nan milye literè a. Pandan kesyon sou otantisite woman an poko fin jwenn yon repons ki mete fen nan polemik la, otè a kenbe pozisyon li : liv la se rezilta pwòp travay li, eksperyans li ak plizyè ane li pase ap ekri.

