Gresye : Lapolis touye pou pi piti 2 nèg ak zam nan echanj kout zam nan zòn Mèje
Pou pi piti 2 nèg ak zam ki t ap sikile sou yon motosiklèt mouri nan echanj kout zam ak ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), jedi 15 oktòb 2026 la, nan zòn Mèje, komin Gresye, nan depatman Lwès peyi a.
Konfwontasyon an te pete nan zòn Mèje, ki pa twò lwen komin Kafou, kote ajan lapolis yo te twoke kòn yo ak mesye ame yo. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, omwen 2 nan mesye ki te sou motosiklèt la pèdi lavi yo pandan echanj kout zam nan.
Aprè konfwontasyon an, fòs lòd yo sezi motosiklèt mesye ame yo t ap itilize a epi transpòte l nan direksyon Leyogàn. Pou kounye a, pa gen plis detay ki disponib sou idantite moun ki mouri yo ni sou sikonstans egzak ki te lakòz echanj kout zam sa a.

