Wanament : Apre lajistis te mete manda dèyè l pou videyo « prank » li yo, Anderdjy Valestin mande viktim yo padon
Anderdjy Valestin, yon jèn gason ki te konn pibliye videyo sou rezo sosyal kote l ap fè zak manyen jèn fi san konsantman yo nan vil Wanament, prezante tèt li devan lajistis jedi 15 oktòb 2026 la. Apre yon manda te fin soti dèyè l akoz pratik sa yo, jèn gason an mande viktim yo ak tout sosyete a eskiz, pandan li pran angajman pou l pa janm fè videyo « prank » ankò. Mèt Edeline Joseph anile manda ki te dèyè l la.
Dosye Anderdjy Valestin lan te pwovoke anpil pale anpil sou rezo sosyal yo, sitou apre plizyè videyo te kòmanse sikile kote yo montre l ap aji yon fason ki pa respekte diyite jèn fi nan lari. Nan kèk nan videyo sa yo, yo wè l ap manyen dèyè medam k ap pase, san yo pa ba li pèmisyon, pami yo gen elèv lekòl. Lè jèn fi yo mande l rezon ki fè li aji konsa, li konn rale yon manchèt pou fè yo pè, anvan li fè konnen se yon senp jwèt li t ap fè pou amize moun sou entènèt.
Konpòtman sa yo te leve plim sou do anpil moun, sitou medam ki te viktim yo ansanm ak plizyè itilizatè rezo sosyal ki te kondane zak sa yo. Pou anpil moun, sa jèn gason an t ap fè yo pa t gen anyen pou wè ak blag, men se pito zak agresyon seksyèl ak entimidasyon ki kapab mete lavi lòt moun an danje. Se nan kontèks sa a lajistis te deside pran dispozisyon kont li, atravè yon manda ki te soti dèyè l. Jedi 15 oktòb la, Valestin te finalman deside ale devan otorite jidisyè yo pou prezante eskiz li epi pwomèt li pap janm retounen nan pratik sa yo.
Pandanstan, fenomèn « prank » lan ap pran yon dimansyon ki bay anpil kè sote nan sosyete ayisyèn nan. Depi kèk tan, anpil jèn ap itilize rezo sosyal yo pou mete lòt moun nan sitiyasyon difisil sou pretèks y ap fè blag. Genyen ki lage lajan atè pou teste onètete moun k ap pase, pandan gen lòt ki chwazi pwovoke, fè moun pè oubyen mete yo anba presyon pou yo kapab anrejistre reyaksyon yo. Kalite videyo sa yo soulve kesyon sou limit amizman ak respè dwa chak sitwayen genyen pou yo sikile san yo pa sibi imilyasyon oswa menas.
Menm si Anderdjy Valestin jwenn anilasyon manda ki te dèyè l la apre li fin prezante tèt li devan lajistis, dosye sa a relanse deba sou responsablite moun k ap kreye kontni sou entènèt. Fè moun ri oswa chèche anpil vizyalizasyon pa bay pèsonn dwa manyen kò yon lòt moun san konsantman li, ni itilize zam pou entimide l. Sitiyasyon sa a montre nesesite pou sansibilize jèn k ap fè videyo sou rezo sosyal yo, yon fason pou sa yo rele amizman an pa tounen yon mwayen pou vyole dwa ak diyite lòt moun.

