Meri Jakmèl reyalize yon reyinyon travay ak Pwoteksyon Sivil Sidès
Objektif prensipal reyinyon sa a se te pou aktyalize plan kontenjans kominal la nan komin lan. Rankont sa a te reyalize nan sal konferans enstitisyon an nan dat jedi 15 oktòb 2026, ant Pwoteksyon Sivil ak Meri Jakmèl, an prensip anba prezans de majistra enterimè yo, Me Julie Leclerc ak Me Stéphanie Édouard Lafontant.
Rankont sa a te reyini divès òganizasyon ak enstitisyon patnè, tankou: Reprezantan Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC)
UEPA, JACHA, HELVETAS, Scouts d’Ayiti
Direksyon Depatmantal Touris
Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE) Ministè Lasante Piblik ak Popilasyon (MSPP) Ministè Anviwònman nan Sidès
Direksyon Depatmantal Polis Nasyonal d’Ayiti (PNH) nan Sidès.
Nan kad reyinyon sa a, echanj yo te fèt sou plizyè aspè esansyèl ki antre nan kad Limite Nasyonal Jesyon Ris ak Komite Nasyonal Jesyon Ris ak Dezas (CNGRD).
Lan pale yo, yo te abòde sitou: Wòl ak konpetans kolektivite teritwa yo. Atribisyon majistra yo nan matyè prevansyon ak jesyon ris. Responsablite Komite Kominal Pwoteksyon Sivil la. Tout pwen sa yo te pèmèt yo revize wòl otorite lokal yo ak enstitisyon konsène yo nan preparasyon ak repons anka gen sitiyasyon ijans.
Plis ankò, rankont sa a te kontribye nan montre responsablite chak aktè ak nesesite pou gen yon kolaborasyon etwat pou amelyore kowòdinasyon ansanm entèvansyon yo, pou ka ranfòse kapasite komin Jakmèl la nan fè fas ak nenpòt katastwòf ki ta ka rive.
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

