Friday, October 16, 2026
ACTUALITÉSPOLITIQUE

Eleksyon an Ayiti: DGI raple kandida yo kijan pou yo peye frè enskripsyon yo

Direksyon Jeneral Enpo (DGI) mete kandida k ap prepare pou patisipe nan pwochen eleksyon yo okouran sou kondisyon finansye yo dwe respekte pou yo enskri nan konpetisyon elektoral la. Nan yon avi ki pibliye jedi 15 oktòb la, enstitisyon an presize frè enskripsyon sa yo pa ranbousab epi li bay detay sou fason pou kandida yo fè peman an, dapre dispozisyon dekrè elektoral la.

Dapre DGI a, chak kandida dwe peye frè enskripsyon li nan biwo enpo ki nan sikonskripsyon elektoral kote li pral kandida a. Peman an dwe fèt avèk yon chèk bankè sètifye ki sou non Trésor public-DGI. Enstitisyon an mande tou pou kandida yo mete sou memo chèk la mansyon « Élections/Nom et Prénom du candidat », yon fason pou fasilite idantifikasyon peman yo ak tretman dosye enskripsyon yo. Mezi sa yo antre nan kad atik 156 dekrè elektoral 6 oktòb 2026 la, ki modifye tèks 2 jiyè 2026 la.

Avi sa a, ki pote siyati direktè jeneral DGI a, Chesnel François, konsène tout kandida k ap chèche yon pòs elektif. Sepandan, rapèl sou kondisyon enskripsyon yo vini nan yon moman kote gen anpil ensètitid sou òganizasyon pwochen eleksyon yo. Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) ap fè konsiltasyon ak diferan aktè konsène yo pou reevalye kalandriye elektoral la, pandan ensekirite k ap vale teren nan peyi a kontinye poze gwo defi pou òganizasyon vòt la.

Pandan kandida yo ap pran dispozisyon pou respekte egzijans administratif ak finansye yo, kesyon prensipal la rete sou kapasite otorite yo pou garanti bon jan kondisyon sekirite ak òganizasyon, pou popilasyon an kapab patisipe nan eleksyon yo san kè sote.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *