Friday, October 16, 2026
ACTUALITÉSEDUCATION

Petyonvil : Twa fakilte Leta ap fonksyone nan yon ansyen magazen jwèt ki manke espas

Fakilte Syans Moun (FASCH), Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) ansanm ak Enstiti Etid ak Rechèch Afriken an Ayiti (IERAH), twa antite nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH), ap kontinye aktivite akademik yo nan yon ansyen lokal komèsyal ki chita nan ri Ferrand, Petyonvil. Men, kondisyon espas sa a soulve kesyon sou kapasite enfrastrikti a pou resevwa etidyan yo ak pèmèt kou yo dewoule nan bon kondisyon.

Dapre yon repòtaj jounal Le Nouvelliste, batiman an gen twa etaj e se te lokal ansyen magazen jwèt BOJEUX la. Kounye a, li gen sèlman 15 sal pou twa fakilte yo fè kou. Nan fason yo òganize espas la, FASCH okipe etaj anba a ak twazyèm etaj la, tandiske FDSE ak IERAH pataje premye ak dezyèm etaj la. Roosevelt Millard, responsab akademik FASCH la, fè konnen lokal la twò piti pou satisfè bezwen fakilte a. Li esplike yo pa menm rive amenaje kat sal kou, alòske ansyen lokal FASCH la te gen plis pase 12 sal. Pou konpanse mank espas sa a, gen kèk kou ki fèt sou entènèt, pandan gen pwofesè ki jwenn otorizasyon pou bay kou nan lòt lokal.

Malgre posiblite pou yo reprann kou yo nan yon espas fizik, plizyè etidyan pa kache mekontantman yo fas ak kondisyon yo. Kantite sal ki disponib yo limite kapasite twa enstitisyon yo pou òganize aktivite akademik yo san difikilte. Sou plan administratif, IERAH gen biwo li nan Petyonvil, tandiske FASCH ak FDSE enstale biwo pa yo nan yon lòt lokal nan Delma 75.

Nan yon kontèks kote aksè ak bon jan fòmasyon inivèsitè rete yon gwo defi, mank enfrastrikti adapte a kontinye poze pwoblèm pou kominote akademik la. Kesyon an pa sèlman konsène disponiblite yon espas pou fè kou, men tou kapasite pou ofri etidyan ak pwofesè yo kondisyon ki pèmèt ansèyman ak aprantisaj fèt nan bon jan kondisyon.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *