Friday, October 16, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Etazini : yon fiziyad nan yon lekòl primè nan Oregon lakòz 4 moun mouri ak 2 lòt blese grav

Yon fiziyad ki fèt jedi 15 oktòb 2026 nan lekòl primè Silver Rail, nan vil Bend, nan Eta Oregon, Ozetazini, lakòz 4 moun pèdi lavi yo, pami yo 3 timoun ak yon pwofesè. De lòt moun blese grav e yo nan yon eta kritik. Daprè enfòmasyon jounal yo, moun ki ta responsab atak la se yon adolesan 16 lane yon sitwayen ame tire touye
I.
Twa timoun ki pèdi lavi yo te gen 5, 8 ak 11 lane. Yon pwofesè mouri tou nan atak la, pandan yon lòt timoun 7 lane ansanm ak yon anseyan 54 lane ap resevwa swen nan lopital akoz gravite blesi yo. Dram sa a lage gwo kè sote nan mitan fanmi viktim yo epi li soulve yon lòt fwa ankò kesyon sekirite nan lekòl ameriken yo.

Daprè chèf lapolis vil Bend lan, Mike Krantz, premye enfòmasyon otorite yo te resevwa fè konnen yon moun ki te gen yon zam long te tire plizyè kout bal sou yon lòt moun. Yon ti tan apre, sèvis ijans yo te resevwa plizyè lòt apèl ki te fè konnen yon moun ame te antre nan lekòl la. Premye eleman ankèt la montre sispèk la te tire sou pòt ki te fèmen yo pou l te kapab antre anndan etablisman an.

Lapolis fè konnen premye ajan yo te rive sou plas anviwon 1è 02 nan aprèmidi, lè lokal. Sepandan, anvan yo te rive entèvni, yon sitwayen ki te gen zam sou li te deja pousuiv adolesan an anndan lekòl la epi tire sou li. Lè fòs lòd yo antre nan batiman an, yo jwenn sispèk la mouri. Yo te kòmanse pote premye swen bay viktim yo pandan ankèt la ap kontinye pou konnen sa ki te pouse jèn gason an komèt zak sa a.

Fiziyad sa a vin ajoute sou lis zak vyolans ak zam k ap frape Etazini. Daprè chif òganizasyon Gun Violence Archive, plis pase 360 fiziyad an mas deja anrejistre nan peyi a depi kòmansman ane 2026 la. Òganizasyon GIFFORDS, k ap goumen kont vyolans ak zam, eksprime solidarite li ak fanmi viktim yo. Nouvo trajedi sa a raple fiziyad ki te fèt 16 avril 2007 nan inivèsite Virginia Tech, kote 32 moun te pèdi lavi yo anba bal yon etidyan ki te touye tèt li apre atak la.

Kredi foto: BBC News

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *