Saturday, October 17, 2026
ACTUALITÉSJUSTICE

Dosye asasina Jovenel Moïse : Edner Gonzague Day kritike jounalis yo apre yon konfwontasyon devan jij Denis Cyprien

Ansyen minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Louis Edner Gonzague Day, te gen yon echanj ki te chaje tansyon ak plizyè jounalis, vandredi 16 oktòb 2026 la, apre li te fin patisipe nan yon seyans konfwontasyon ak ansyen minis Travo Piblik la, Nader Joiséus. Seyans sa a te dewoule nan Lakou Dapèl Pòtoprens, devan jij Denis J.-F. Cyprien, nan kad ankèt sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Se nan kad enstriksyon jidisyè sou lanmò Jovenel Moïse, ki te asasinen nan rezidans prive li nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, lajistis te konvoke de ansyen responsab Leta sa yo pou yon konfwontasyon. Louis Edner Gonzague Day, ki te akonpaye ak avoka li, Mèt Claudet Lamour, rejte akizasyon ki ta fè kwè li te rankontre moun yo sispèk ki te patisipe nan konplo pou asasinen chèf Leta a. Bò kote pa li, Nader Joiséus, ansyen minis Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon, te patisipe tou nan seyans lan, san detay sou deklarasyon li yo pa parèt nan enfòmasyon ki disponib yo.

Apre seyans lan, pandan Edner Gonzague Day t ap kite espas kote majistra yo ye a, plizyè jounalis te pwoche bò kote li pou poze l kesyon sou sa ki te pase devan jij la. Ansyen minis la pa t vle bay okenn detay sou dosye a. Li te pito deklare an fransè : « L’instruction est secrète », pou fè konprann enfòmasyon ki konsène ankèt jidisyè a pa dwe devwale bay piblik la nan etap sa a.

Sepandan, konvèsasyon an te vin pran yon lòt direksyon lè ansyen minis la te kòmanse kritike fason kèk jounalis konn pale de li. « M pa renmen nou non, tande, paske nou pale twòp tenten sou moun », se pawòl li te lanse devan pwofesyonèl laprès ki te sou plas yo. Kèk nan jounalis yo pa t pran tan pou reponn li, lè yo te fè l konnen yo menm tou yo pa renmen li. Echanj sa a te make fen pasaj ansyen minis la devan laprès, pandan ankèt lajistis ameriken ak ayisyen ap mennen sou asasina Jovenel Moïse la kontinye ap suiv kou pa yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *