SG Albert Ramdin rankontre ak PM Alix Didier Fils-Aimé
Sekretè Jeneral Adjwen Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Albert Ramchand Ramdin, reyalize yon echanj ki charye lespwa ak chèf gouvènman ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé, jedi 15 oktòb 2026 la, sou ansanm priyorite peyi dAyiti.
“Tankou m te souliye l, sekirite ak eleksyon yo se de priyorite ijan ki mache kòt a kòt. Nou te diskite sou ranfòsman kowòdinasyon ant enstitisyon ayisyèn yo ak patnè yo, men tou sou avansman preparatif yo nan lide pou gen yon bon jan pwosesis elektoral ki kredib”, se deklarasyon nonm politik la.
Li rapouswiv pou l di Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) reyafime angajman l pou l soutni solisyon ki pran pa Ayisyen yo menm, nan travay kap fèt ansanm ant Ayiti, CARICOM, Oganizasyon Nasyon Zini (ONU) ak lòt patnè yo, nan lide pou tradwi angajman sa yo an pwogrè konkrè nan benefis pèp ayisyen an.
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

