Sunday, October 18, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Ayiti-Gouvènans: CNMP ap reyalize yon semèn fòmasyon pou yon ventèn kad li yo

Depi madi 13 oktòb 2026 la, Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo (CNMP) demare yon sesyon fòmasyon 40 èdtan kap pwolonje sou senk semèn pou yon piblik apeprè ven moun nan Otèl Palm Residence nan Petyonvil, sou jesyon kontra.

Se SETYM Entènasyonal ki chaje pou asire prezantasyon eksklizif fòmasyon sa a. Pou dezyèm jounen an, vandredi 16 oktòb la, anba direksyon fòmatè yo, patisipan yo te echanje sou modil pasasyon mache: dokiman pwojè DAO, reglemantasyon, strateji pasasyon, kontraktyalizasyon ak jesyon resous.

Finalite fòmasyon sa a vize kontribye nan yon jesyon ki pi efikas, pi transparant ak pi pèfòman nan kontra piblik yo, ansanm ak ranfòsman dirab kapasite aktè yo nan kòmand piblik la.

Nan kad fòmasyon sa a, gen yon total sèt modil entèvenan yo ak ansanm patisipan yo ap gen pou yo wè pandan senk semèn yo: Metòd entèraktif pa vizyokonferans; Prezantasyon teyorik ak echanj avèk patisipan yo; Analiz sitiyasyon ki lye ak jesyon kontraktyèl yo; Miz an aplikasyon ansanm konesans yo aprann yo.

Selon objektif jeneral yo, fòmasyon sa a ap fèt swivan yon fòma atipik ki vize ranfòse konesans ak konpetans patisipan yo nan domèn jesyon, swivi ak kontwòl ekzekisyon kontra piblik yo.

Nan miz an kontèks li an, youn nan ekspè SETYM yo, M. Jean Michel Delgrave, te mete anpil aksan sou bon kolaborasyon CNMP a ki pèmèt yo abouti ak fòmasyon sa a, ki reprezante yon valè ajoute pou ansanm benefisyè yo pa rapò ak aprantisaj anvan yo.

Sou bò pa l, Komisè Jean Shanon Beaublanc te pale konsa:”Se avèk yon reyèl plezi mwen pran lapawòl la a, nan non Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo (CNMP), nan okazyon ouvèti sesyon fòmasyon sa a ki konsakre ak jesyon kontra piblik yo.”

Lidè a te salye tou kolaborasyon an avèk SETYM Entènasyonal e li te remèsye ekip li a, sitou Prezidan Direktè Jeneral la, M. Larbi Bennouna, ansanm ak fòmatè a, M. Lewis Nsalou Nkoua, pou kontribisyon yo nan ranfòsman konpetans aktè yo nan kòmand piblik nan peyi a.

Pandan li pat manke ensiste sou kèk aspè nan kesyon kontra piblik la, M. Beaublanc te fè deklarasyon sa a: “Jesyon kontra a reprezante yon pwen esansyèl nan pwosesis pasasyon mache piblik la. Reysit yon mache pa dwe depann inikman de atribisyon l, men tou legalman de kalite ekzekisyon l nan respè kondisyon jiridik yo, delè yo, metriz kou yo ak ansanm rezilta yo. Yon jesyon rigourèz pèmèt sitou prevni risk yo, limite diferan yo epi favorize yon itilizasyon efikas ak transparant pou resous piblik yo.”
Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Marcia MOISE

Marcia MOISE Journaliste, présentatrice, responsable de la rubrique  « À la découverte ». Une passionnée du journalisme.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *