Santo 17 : Bandi ame pran senk sòlda salvadoryen nan yon anbiskad, gwo mobilizasyon pou pote yo sekou
Omwen senk sòlda salvadoryen ki fè pati Fòs Represyon Gang yo (FRG) ta tonbe nan yon anbiskad bandi ame nan Santo 17, komin Kwadèbouke, dimanch 18 oktòb 2026 la. Atak sa a deklanche yon gwo mobilizasyon fòs sekirite yo nan Plèn Kildesak, kote plizyè elikoptè ak machin blende deplwaye pou pote militè yo sekou.
Selon enfòmasyon plizyè sous rapòte, sòlda yo te viktim atak la pandan yo t ap kite yon etablisman komèsyal nan Santo 17. Temwayaj moun nan zòn nan, ansanm ak enfòmasyon otorite nan komin Taba bay, fè konnen bandi ame yo te pran militè yo nan pyèj, sa ki lakòz yon konfwontasyon ak fòs sekirite yo.
Pou fè fas ak sitiyasyon an, omwen sis elikoptè ansanm ak plizyè machin blende FRG ak Polis Nasyonal Dayiti (PNH) te mobilize. Sepandan, jiska 8è 44 nan aswè, operasyon pou retire senk sòlda yo nan zòn danje a potko bay rezilta. Yon otorite nan komin Taba te konfime bay Radiographie machin sòlda yo t ap sikile ladan l lan te pran dife pandan ensidan an.
Menm sous la te presize militè salvadoryen yo pa t anba men bandi yo, men yo t ap tann ranfò pou vin pote yo sekou. Sitiyasyon an te rete konplike akoz prezans gwoup ame yo nan sektè a, pandan fòs sekirite yo t ap eseye jwenn yon mwayen pou retire sòlda yo san danje.
Jiska 11 h nan aswè, dimanch 18 oktòb la, elikoptè yo toujou ap vole anlè Santo 17 ak zòn ki antoure l yo, pandan echanj kout zam kontinye ap tande ant fòs lòd yo ak bandi ame yo. Aktivite sa yo montre tansyon an toujou wo plizyè èdtan apre premye atak la, san okenn konfimasyon sou rezilta final operasyon sekou a
.
Ensidan sa a mete an kesyon efikasite entèvansyon FRG nan batay kont gang yo, alòske gwoup kriminèl yo kontinye ap simen laterè nan plizyè lokalite nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.Pandan fòs entènasyonal sa a gen misyon pou konbat gang ame yo, se manm li yo ki twouve yo oblije defann tèt yo devan yon atak. Pou kounye a, okenn bilan ofisyèl pa disponib sou kantite moun ki ta mouri oswa blese nan konfwontasyon sa a.

