Santo 17 : Lame Salvadò konfime disparisyon kat militè li yo apre yon anbiskad
Lame Salvadò konfime kat militè li yo ki te deplwaye an Ayiti nan kad Fòs Represyon Gang yo (FRG) disparèt apre yon atak bandi ame nan Santo 17, komin Kwadèbouke. Nan yon nòt li pibliye byen bonè lendi 19 oktòb 2026 la, enstitisyon militè a fè konnen sòlda sa yo fè pati inite ki rele « Task Force Liberté II », ki t ap retounen nan baz li lè kriminèl ame yo te pran yo nan yon anbiskad.
Daprè enfòmasyon lame salvadoryèn nan bay, atak la te fèt pandan kat militè yo te nan yon machin blende. Bandi yo pa t sèlman sèvi ak zam, men yo te itilize materyèl eksplozif tou, sa ki te lakòz yon gwo konfwontasyon. Machin blende a te eksploze pandan atak la, men kat sòlda yo te rive soti ladan l, daprè deklarasyon otorite militè yo.
Apre ensidan an, lame Salvadò fè konnen li deplwaye plizyè elikoptè pou entèvni epi eseye repouse bandi yo. Sepandan, aparèy ayeryen sa yo te sibi kout zam pandan operasyon an. Nan premye kominike li yo, Fòs Represyon Gang yo pa t bay detay sou disparisyon militè sa yo, alòske lame peyi Salvadò vin konfime enfòmasyon an nan nòt li pibliye a.
Otorite militè salvadoryen yo fè konnen operasyon rechèch yo ap kontinye an kolaborasyon ak kontenjan lòt peyi ak fòs entènasyonal ki prezan an Ayiti. Objektif la se retabli kontak ak kat militè ki disparèt yo epi detèmine kote yo ye. Jiska lendi 19 oktòb 2026 la, non sòlda sa yo poko pibliye, pandan sikonstans disparisyon yo rete yon sous enkyetid nan kad operasyon kont gang ame yo nan peyi a.

