Monday, October 19, 2026
ACTUALITÉSUncategorized

Ekwatè : Yon prèt mouri anba yon gwo kwa pandan l t ap preche sou lanmò nan yon mès

Yon evènman trajik pase samdi 17 oktòb 2026 la nan vil Guayaquil, nan peyi Ekwatè, kote yon prèt katolik ki rele Patricio Sánchez pèdi lavi l apre yon gwo kwa ki te fikse sou mi yon legliz tonbe sou li. Relijye a, ki te gen 53 lane, t ap dirije yon mès yo t ap retransmèt an dirèk lè aksidan an rive, pandan li t ap pale ak fidèl yo sou lanmò ak enpòtans tan moun pase ak Bondye.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, pè Patricio Sánchez t ap ankouraje kretyen yo bay lavi espirityèl yo plis enpòtans. Nan mesaj li a, li te fè konnen tout moun gen pou yo mouri yon jou, epi tan yo konsakre ak Bondye, fanmi yo ak lòt moun gen anpil valè. Se kèk moman apre li te envite fidèl yo lapriyè yon gwo kwa ki te dèyè l dekole sou mi legliz la pou l frape l nan do.

Sèn nan, ki te parèt nan yon videyo sou rezo sosyal pawas Nuestra Señora del Perpetuo Socorro, te lakòz gwo panik nan mitan moun ki t ap patisipe nan seremoni an. Plizyè fidèl te kouri pote prèt la sekou, pandan lòt moun t ap mande pou yo rele yon anbilans. Malgre efò ki te fèt pou sove lavi l, pè Patricio Sánchez pa t rive chape anba lanmò. Viktim nan te fè pati kongregasyon relijye Redanptoris yo.

Apre trajedi a, otorite yo louvri yon ankèt pou konnen nan ki kondisyon gwo kwa a te dekole sou mi legliz la. Yo te fèmen lokal la pou pèmèt lapolis syantifik fè konsta ki nesesè yo. Sepandan, legliz la te relouvri nan fen semèn nan, kote plizyè dizèn fidèl te patisipe nan yon lòt mès dimanch maten. Pandan seremoni sa a, yon lòt prèt, pè Pedro, te rann omaj ak viktim nan, li te prezante kòm yon moun ki te senp, enb epi pwòch kominote li.

Nan mesaj li te bay fidèl yo, pè Pedro te mande pou pèsonn pa entèprete aksidan an kòm yon entèvansyon Bondye oswa yon siy mistik. Li te raple se yon senbòl relijye ki te tonbe sou prèt la, san sa pa vle di se Kris la menm. Bò kote pa li, Acheveche Guayaquil eksprime tristès li devan disparisyon pè Patricio Alfredo Sánchez Molinari, pandan li prezante kondoleyans li bay fanmi viktim nan, kongregasyon Redanptoris yo ak tout kominote katolik la.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *