Wednesday, October 21, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Ayiti: Eric Voli Bi chita pale ak Mario Andrésol sou sekirite jounalis yo

Reprezantan UNESCO nan peyi d Ayiti, Eric Voli Bi, rankontre madi 20 oktòb 2026 la, Minis Defans lan, Mario Andrésol.

Nan mitan rankont sa a, sekirite jounalis yo ak preparasyon yon atelye ki prevwa fèt soti 27 pou rive 29 oktòb te nan sant diskisyon yo. Atelye sa a ap reyini manm nan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), nan Fòs Lame d Ayiti (FAD’H) ansanm ak plizyè jounalis.

Rankont sa a vize ranfòse kapasite fòs Lòd yo nan kesyon mennen operasyon pou tabli lòd piblik nan respè libète lapawòl, aksè ak enfòmasyon ak sekirite jounalis yo.

Selon sa UNESCO fè konnen, li ap pèmèt tou amelyore relasyon pwofesyonèl ki genyen ant fòs sekirite yo ak medya yo, sitou pandan operasyon ak sitiyasyon kriz.

Marcia MOÏSE
moisemarcha@gmail.com

Partagez ceci

Marcia MOISE

Marcia MOISE Journaliste, présentatrice, responsable de la rubrique  « À la découverte ». Une passionnée du journalisme.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *