Wednesday, October 21, 2026
ACTUALITÉSSPORT

Baselòn pèdi 4-2 devan PSG, men se yon tifo ki fè katalan yo wè wouj

Apre yon defèt 4-2 devan Pari Sen Jèmen( Paris Saint-Germain nan lang fransè) nan Pak dè Prens, madi 20 oktòb 2026 la, Foutbòl Klèb Baselòn sanble poko fin dijere tout sa ki te pase nan kapital fransè a. Apa kat gòl ekip parizyen an te make sou teren an, se yon tifo sipòtè PSG yo te deplwaye anvan match la ki vin bay direksyon klèb katalan an plis tèt chaje.

Tifo sa a, ki te pote mesaj « Massacre à la parisienne », te montre yon pèsonaj ak yon tronsonez k ap koupe logo klèb katalan an nan yon sèn ki fè referans ak fim laterè« Massacre à la tronçonneuse». Pou responsab klèb espayòl la, imaj sa a depase limit rivalite espòtif la. Dapre enfòmasyon plizyè medya espòtif rapòte, Basa te pote dosye a devan delege UEFA ki te prezan nan match la, pou denonse sa li konsidere kòm yon mesaj pwovokan ak ofansan.

Men, nan mitan deba sa a, gen yon detay ki bay sitiyasyon an yon ti gou ironik: pandan PSG t ap selebre viktwa li sou teren an, Basa oblije louvri yon lòt dosye deyò teren an. Kat gòl yo deja antre nan estatistik match la, men tifo a vin tounen yon lòt sijè diskisyon ant de gwo rival sa yo. Pou moun k ap pase klèb katalan an nan rizib, se kòmsi defèt la pa t sifi, fòk yo al chèche konsolasyon bò kote otorite foutbòl ewopeyen an.

Rivalite nan foutbòl toujou bay plas pou pwovokasyon, men se UEFA k ap gen pou evalye si tifo a vyole règleman disiplinè li yo. Pandan dosye a ap tann swit li, nòt match la rete klè: PSG genyen 4-2, Basa pèdi, epi batay la kontinye kounye a sou teren diskisyon an.

pascalfleuristil2018@gmail.com

Partagez ceci

Pascal Fleuristil

Je suis Pascal Fleuristil, originaire de l'Arcahaie. J'ai étudié la communication à l'ISNAC. Passionné du journalisme, Je m’intéresse à tous les sujets d'intérêt général.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *