Meri Akayè mande yon trèv imedya nan Kouyo epi lanse yon apèl pou retabli lapè
Devan zak vyolans ak afwontman ame k ap kontinye mete lavi popilasyon an an danje nan Kouyo, nan sizyèm seksyon kominal Mate, Meri Akayè mande de gwoup ame ki enplike nan konfli a pou yo depoze zam yo. Nan yon kominike pou laprès ki pibliye madi 20 oktòb 2026 la, administrasyon minisipal la felisite lapolis ak brigadye yo pou angajman yo nan batay kont ensekirite a, pandan li mande enstitisyon Leta yo pran dispozisyon ki nesesè pou fasilite retou lapè nan lokalite a.
Nan yon kominike pou laprès, Meri Akayè, anba direksyon majistra prensipal Wilner René, ansanm ak konseye minisipal yo, Gilbert Nestor ak Bernolie Céus, salye kouraj ak detèminasyon Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ak brigadye yo nan batay kont ensekirite, sitou kont gwoup ame ki asosye ak kowalisyon kriminèl Viv Ansanm. Administrasyon minisipal la reyafime volonte li pou kolabore ak otorite konsène yo pou retabli sekirite, pwoteje lavi moun ak byen yo epi kreye kondisyon pou popilasyon an viv san kè sote.
An menm tan, Meri Akayè lanse yon apèl solanèl bay de gwoup ame k ap fè afwontman nan Kouyo yo pou yo mete zam yo atè epi obsève yon trèv imedya. Dapre kominike a, konfli sa a gen plizyè ane depi l ap ravaje zòn nan, kote li deja lakòz pèt nan lavi moun, destriksyon kay ak lòt dega materyèl. Sitiyasyon an kontinye agrave enkyetid abitan yo, ki gen dwa viv nan lapè ak sekirite lakay yo.
Pou administrasyon minisipal la, yon trèv reprezante yon etap enpòtan pou anpeche plis viktim, pandan otorite jidisyè ki konpetan yo ta dwe egzamine dosye a, etabli responsablite chak pati epi pran mezi lalwa prevwa. Meri a fè konnen li deja ekri plizyè enstitisyon, tankou Bank Repiblik Dayiti (BRH), Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo ansanm ak Anbasad Etazini an Ayiti, pou mande kolaborasyon yo ak dispozisyon apwopriye kont moun ki ta enplike nan finansman oswa soutyen vyolans lan, depi responsablite yo etabli nan kad pwosedi legal ki aplikab yo.
Nan apèl li a, Meri Akayè ankouraje tout aktè konsène yo chwazi chemen dyalòg la epi evite aksyon ki kapab agrave kriz la. Administrasyon minisipal la raple enpòtans solidarite ak bon relasyon ant vwazen, pandan li mete aksan sou nesesite pou abitan Kouyo yo kapab retounen viv lakay yo san kè sote.
Pandan popilasyon an ap sibi konsekans konfli ame a, apèl Meri Akayè a mete pwoteksyon lavi moun ak retablisman lapè nan mitan priyorite yo. Rete pou konnen nan ki mezi aktè konsène yo ak enstitisyon Leta yo pral bay repons konkrè pou pèmèt sekirite ak lavi nòmal reprann nan Kouyo.
pascalfleuristil2018@gmail.com

