Friday, October 23, 2026
ACTUALITÉSPOLITIQUE

PSA plede pou yon revolisyon ekonomik ak sosyal epi rejte òganizasyon eleksyon san sekirite an Ayiti

Nan okazyon 220yèm anivèsè asasina Anperè Jan Jak Desalin, 17 oktòb 2026, Pati Sèvitè Ayisyen (PSA) òganize twazyèm lansman li nan Senmichèl Latalay, nan depatman Latibonit. Pandan aktivite sa a, fòmasyon politik la prezante vizyon li pou transfòme peyi a atravè yon revolisyon ekonomik ak sosyal, pandan li pran pozisyon kont òganizasyon eleksyon nan kondisyon ensekirite aktyèl yo.

Se devan manm, senpatizan ak delegasyon ki soti nan plizyè depatman peyi a Pati Sèvitè Ayisyen (PSA) prezante gwo oryantasyon politik li yo, samdi 17 oktòb 2026 la, nan Senmichèl Latalay. Aktivite a, ki te dewoule nan okazyon komemorasyon lanmò fondatè nasyon ayisyen an, te sèvi tou pou denonse sistèm ekonomik ak politik pati a konsidere kòm prensipal responsab degradasyon kondisyon lavi popilasyon an. Daprè PSA, 220 lane apre asasina Desalin, peyi a kontinye ap sibi konsekans divizyon, eksklizyon sosyal, koripsyon ak move jesyon resous piblik yo.

Responsab yo nan Fòmasyon politik la mete aksan sou nesesite pou ayisyen reprann desten peyi yo an men. Yo estime transfòmasyon nasyonal la dwe pase nan kat gwo etap : reveye konsyans popilasyon an, favorize rekonsilyasyon ant ayisyen, rebati inite nasyonal la epi lanse yon revolisyon ekonomik ak sosyal. Pou PSA, endepandans politik peyi a pa kapab bay tout rezilta li san yon ekonomi solid ki pèmèt popilasyon an jwenn travay, sèvis piblik ak mwayen pou viv nan diyite. Pati a konsidere konsantrasyon richès nan men yon minorite kòm youn nan pi gwo obstak ki anpeche peyi a devlope.

Sou plan ekonomik, PSA pwopoze yon modèl devlopman ki bay pwodiksyon nasyonal la priyorite sou enpòtasyon pwodwi peyi a kapab fabrike. Nan sans sa a, li vle ankouraje pwodiksyon manje, elvaj poul, pwodiksyon ze, endistri twal ak fabrikasyon rad, pandan li prevwa devlope ekspòtasyon. Pati a defann tou modènizasyon agrikilti a atravè sistèm irigasyon, mekanizasyon, semans sètifye, sant rechèch ak asistans teknik pou peyizan yo. Nan yon vizyon ki kouvri 5 rive 15 lane, PSA prevwa gwo envestisman nan sektè agwo-endistriyèl la, ansanm ak devlopman lapèch pou diminye depandans peyi a sou pwodwi ki soti aletranje.

Pwoteksyon anviwònman an ak amenajman teritwa a okipe yon plas enpòtan tou nan pwojè politik PSA a. Fòmasyon an fikse objektif pou ogmante kouvèti forè peyi a soti anviwon 2% pou rive 50% sou yon peryòd 30 a 40 lane. Pou reyalize anbisyon sa a, li pwopoze diminye itilizasyon chabon bwa, ankouraje lòt sous enèji, devlope resiklaj plastik epi mete sou pye yon politik ki pwoteje tè agrikòl yo. Nan domèn edikasyon, pati a defann yon sistèm ki aksesib, enklizif epi ki kapab kontribye nan transfòmasyon sosyal peyi a. Pou lasante, li pwopoze yon sistèm kouvèti inivèsèl ki baze sou swen kominotè, ak sèvis swen primè ansanm ak medikaman esansyèl gratis.

Kesyon ensekirite a te jwenn yon atansyon espesyal nan mesaj fòmasyon politik la. PSA kwè batay kont gwoup ame yo pa dwe limite sèlman ak entèvansyon fòs lòd yo, men li dwe chita tou sou kreyasyon travay ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an. Pati a pwopoze ranfòse sistèm jistis la ak enstitisyon sekirite yo, pandan li mande pou otorite yo itilize teknoloji pou amelyore kontwòl nan pò ak ayewopò yo pou anpeche zam ak minisyon antre ilegalman sou teritwa a. Li prevwa tou mete sou pye yon sèvis sivik ak kominotè pou ankadre jèn yo epi diminye risk pou gwoup ame yo rekrite yo.

Sou dosye elektoral la, PSA eksprime opozisyon li ak nenpòt pwosesis ki ta dewoule san kondisyon sekirite ak garanti netralite. Anba prensip « Eleksyon wi, seleksyon non ! », pati a fè konnen li pa aksepte òganizasyon eleksyon anba yon gouvènman tranzisyon ki ta genyen pwòp kandida ak gwoupman politik pa li. Li estime yon klima konfyans, sekirite ak enpasyalite dwe tabli anvan popilasyon an kapab patisipe nan yon pwosesis elektoral kredib. Pou fini, PSA lanse yon apèl bay ayisyen k ap viv nan peyi a ak nan dyaspora a pou mete tèt yo ansanm nan yon pwojè rekonstriksyon nasyonal. Fòmasyon an afime se atravè mobilizasyon sitwayen yo, konbat koripsyon, kraze monopòl ekonomik yo ak kreyasyon richès pou tout moun Ayiti kapab rive konstwi yon Leta solid ak yon sosyete ki pi jis.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *