Akayè salye viktwa Grenadye yo epi mete aksan sou fyète nasyonal la
Konsèy minisipal Akayè a, sou direksyon majistra prensipal Wilner René, voye felisitasyon bay seleksyon nasyonal la apre viktwa 4-1 li ranpòte kont Repiblik Dominikèn nan yon kominike ki parèt 2 oktòb 2026 la. Pou otorite lokal yo, rezilta sa a pote yon moman inite, fyète ak lajwa pou pèp ayisyen an.
Nan yon kominike ki date 2 oktòb 2026, Konsèy minisipal Akayè a di li resevwa viktwa Grenadye yo avèk anpil fyète. Majistra Wilner René ansanm ak asèsè Gilbert Nestor ak Bernolie Ceus mete aksan sou detèminasyon jwè yo, ki dapre yo te defann koulè nasyonal la ak angajman pandan rankont la.
Konsèy la konsidere pèfòmans sa a kòm yon senbòl kouraj ak pèseverans, pandan li raple memwa kèk gwo figi nan listwa peyi a, tankou Jean-Jacques Dessalines, Grann Guiton ak Catherine Flon. Li voye felisitasyon tou bay jwè yo, antrenè yo, dirijan Federasyon Ayisyen Foutbòl la ansanm ak tout moun k ap travay pou fè foutbòl ayisyen an vanse.
Pou Konsèy minisipal Akayè a, viktwa sa a depase kad yon match foutbòl : li vin tounen yon okazyon pou Ayisyen selebre ansanm epi montre fyète yo pou drapo nasyonal la.
pascalfleuristil2018@gmail.com

