Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

Lapolis mete men sou 12 moun k ap fabrike fo dokiman ofisyèl

Nan kad batay kont krim finansye ak tout fòm zak ki menase sekirite dokiman Leta yo, Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mennen yon gwo operasyon nan zòn Lali, samdi 11 oktòb 2025 la. Operasyon sa a pèmèt arestasyon douz (12) endividi ki t ap fabrike epi vann fo dokiman ofisyèl tankou pèmi kondwi, ekstrè achiv, kat idantite nasyonal ak lòt papye administratif.

Pandan entèvansyon an, lapolis sezi plizyè materyèl ki t ap sèvi nan aktivite ilegal sa yo, pami yo gen òdinatè, enprimant, telefòn selilè, ansanm ak yon kantite fo dokiman ki te deja pare pou vann bay kliyan. Dapre enfòmasyon DCPJ bay, operasyon an antre nan kad efò kontinyèl pou demantle rezo kriminèl k ap manipile dokiman leta yo atravè peyi a.

Kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la fè konnen inite pwodiksyon odyovizyèl li ” Allô la Police ” prezante yon repòtaj espesyal sou arestasyon sa yo, pou pèmèt piblik la konprann pi byen fason polis la kontinye mobilize pou pwoteje entegrite dokiman ofisyèl ak ranfòse konfyans nan sèvis piblik yo.

Partagez ceci

Miracson Mondesir

Miracson Mondesir, originaire de Mirebalais, est un journaliste professionnel. Rédacteur polyvalent, ayant la capacité de traiter plusieurs sujets avec succès notamment la politique et la culture. Il pratique le journalisme pour être utile à sa communauté.