Aprè tranblann tè: Latibonit kenbe pwomès li te fè viktim depatman Gran Sid yo.
Latibonit Kanpe pou Ayiti (LAKAY), yon seri òganizasyon pwogresif ak kèk sitwayen angaje kap travay nan vale a kenbe angajman yo anvè gran Sid la ki te frape ak goudougoudou 14 dawout la. Danre agrikòl, tankou diri peyi ak anpil lòt manje ankò ki soti nan jaden peyizan depatman Latibonit la al jwenn sinistre sa yo. Anviron senk (5) gwo kamyon chaje ak divès pwodwi pran direksyon gran Sid peyi a. Inisyativ sa se akonplisman pwomès pil ak pakèt asosyasyon ak òganizasyon sila yo pou te pote sekou bay viktim yo.
De mwa aprè gwo tranbleman tè ki te frape gran Sid la, plizyè òganizasyon peyizan, estrikti nan kò sosyal la, asosyasyon pwogresif nan depatman Latibonit pa bliye moun nan gran Sid. Malgre manke asistans leta a nan Latibonit, lavi chè a, mank ankadreman nan kouman yap mennen lagrikilti a nan depatman an, ansanm òganizasyon sa yo mache, jan yo te pwomèt li a, sou moun gran Sid yo. Selon sa youn nan inisyatè yo fè konnen, tout difikilte sa yo pa anpeche volontè yo voye kontribisyon pa yo jan yo te kapab nan anviwon kat (4) depatman gran Sid la.
‹‹Plantè nan Vèrèt ak sitwayen Vèrèt, nan Lestè, nan Senmak, ak kèk lòt rejyon voye diri, mayi, pwa pitimi, ak tout lòt kalte pwodwi ki fèt nan Latibonit la››. Se sa Patrice Israël ki se manm LAKAY fè konnen. Pi lwen, sitwayen an fè konnen chak moun bay mwayen yo genyen. Èd sila yo rive jiska yon kilogram diri pa kontribyab.

Òganizasyon sila yo pap kanpe nan wout. Aprè premye elan solidarite silaa, pwogresis latibonisyen yo, soti nan zòn Pestèl, pase Kanperen rive Lazil, soutyen yo ap kontinye nan anpil lòt zòn nan plizyè depatman Gran Sid yo ki te frape ak katastwòf natirèl katòz (14) dawout la. Menm jan pòt pawòl LAKAY la, Mesye Israël te fè konnen l nan yon entèvyou kote akòde jounal la, inisyativ sa pa gen anyen pou wè ak yon ideyal politik. ‹‹ Nou kanpe an kwa kont tout volonte pou nenpòt moun ki ta gen lide itilize sakap fèt la pou yon kèlkonk benefis politik››. Se sa Patrice Israël fè sonje.
N ap souliye inisyativ sa se yon angajman sitwayen. Li vini nan yon moman kote moun gran Sid yo ap soufri anpil. Pa gen dlo, pa gen lopital, manje vin de jou an jou pi ra. Èd sila yo ajoute ak divès lòt ki sòti nan kèk peyi nan Amerik la osnon kèk òganizasyon ki pa nan gouvènman an. Menm si tout bagay sa yo la, sitiyasyon an rete grav. Moun sinistre yo kontinye ap plenyen. Anpil nan yo espere leta a rive sou yo jan sa ta dwe ye. Annatandan, Òganizasyon peyizan Latibonit yo mete ak divès lòt asosyasyon kap evolye nan depatman an fè jès pa yo an. Yo mande pou tout lòt gwoupman kapab fè menm wout la, yon fason pou soutni viktim yo.
kleef Gladstone DUMERSAINT

