Jacques Desrosiers enstale kòm prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa
Apre plizyè mwa tansyon ak dout sou kredibilite enstitisyon elektoral peyi a, yon nouvo biwo pran fòm. Lendi 13 oktòb 2025, jounalis Jacques Desrosiers enstale kòm prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP). Li di li pare, ansanm ak ekip li a, pou mete lòd, transparans ak respè nan pwosesis elektoral la.
Seremoni enstalasyon an dewoule nan yon anbyans kalm men chaje ak espwa. Nan premye pawòl li kòm prezidan, Jacques Desrosiers te lanse yon apèl pou “renouvle konfyans pèp la nan enstitisyon an.” Li fè konnen nouvo direksyon an pa vini pou kraze, men pou bati sou sa ki bon, pandan li mete aksan sou bezwen pou travay an ekip, pou koute vwa moun ki soti toupatou nan peyi a, epi pou chèche pi bon chemen pou eleksyon yo tounen yon fyète nasyonal.
Nouvo ekip la gen ladan Jaccéus Joseph, ki pral vis-prezidan, Peterson Pierre Louis kòm sekretè jeneral, ak Nemrod Sanon nan pòs tresorye. Ansyen prezidan an, Patrick Saint-Hilaire, ki pase yon ane nan tèt biwo a, te remèt kle enstitisyon an avèk diyite, pandan li te raple enpòtans dyalòg ak kolaborasyon ak sektè edikatif la. Jacques Desrosiers, li menm, pwomèt pou mete KEP la pi pre pèp la, pou chak desizyon fèt ak respè ak sans responsablite.
Nan yon peyi kote eleksyon toujou vin tounen sous dout ak konfli, nouvo prezidan CEP la konnen chemen an pap fasil. Men li kwè, avèk travay onèt, kominikasyon klè ak patisipasyon tout aktè yo, konfyans la ka rebati. “Se pa sèlman eleksyon nou bezwen fè, se konfyans nou bezwen donnen nan kè pèp la,” Jacques Desrosiers te di, pandan li louvri yon nouvo chapit nan listwa demokrasi ayisyèn nan.
pascalfleuristil2018@gmail.com

