Gouvènman an di li angaje l nan òganizasyon eleksyon yo
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé òganize madi 14 oktòb 2025 la yon nouvo rankont travay ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) nan biwo li nan Pòtoprens. Rankont sa a antre nan kad preparasyon gouvènman an ap fè pou lanse pwosesis elektoral la nan peyi a.
Nan okazyon sa a, chèf gouvènman an felisite nouvo ekip KEP la pou enstalasyon yo, epi souliye enpòtans etap sa a nan ranfòsman enstitisyon demokratik yo. Dapre Premye Minis la, mete KEP la sou pye se yon siy klè volonte Leta a pou pèmèt pèp ayisyen an reprann wout eleksyon regilye ak onèt.
Alix Didier Fils-Aimé reafime sipò solid ak san kondisyon gouvènman an bay enstitisyon elektoral la. Li fè konnen Egzekitif la pare pou akonpaye KEP la nan tout demach ki nesesè pou asire bon jan òganizasyon eleksyon yo, nan respè prensip transparans, enklizyon ak kredibilite.
Premye Minis la ankouraje KEP la pou l prepare pi vit posib yon dekrè elektoral ak yon kalandriye klè pou pwosesis la. Selon li, dokiman sa yo enpòtan anpil pou gide òganizasyon eleksyon yo epi pou ranfòse konfyans pèp la nan sistèm demokratik la.
Pou fini, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé renouvle angajman gouvènman an pou òganize eleksyon lib, onèt ak enklizif. Li raple òganizasyon eleksyon kredib se pa sèlman yon nesesite politik, men yon etap esansyèl pou retabli estabilite ak renouvle enstitisyon yo nan peyi a.

