Thursday, March 19, 2026
ACTUALITÉSSECURITE

PNH Fè Gwo Kou Sou Gang « Viv Ansanm » Nan Mibalè

Lapolis Nasyonal d’Ayiti (PNH) fè konnen plizyè manm gang ki fè pati kowalisyon kriminèl « Viv Ansanm » te sispann nan Mibalè, apre yon gwo afrontman ak fòs lòd yo nan komin nan, dimanch 12 oktòb 2025.

Dapre Kominike pou Laprès #007 Direksyon Jeneral PNH la (DGNP-H), malfra yo te lanse yon atak sou kèk pwen fiks lapolis te etabli nan zòn nan. Sepandan, inite espesyalize PNH ki te sou plas te reponn rapidman e avèk fòs, sa ki mete gwoup ame a nan gwo deba epi fòse yo bat ba.

Aksyon sa a fè pati efò PNH ap fè pou retabli sekirite nan zòn kote gang ame ap chèche mete lalwa pa yo ak vyolans ansanm ak entimidasyon.
Pou Lapolis, anba kòmandman an Chèf M. André Jonas Vladimir PARAISON, yo mete nouvo estrateji operasyonèl an plas pou demantibile sistematikman tout fwaye gang k ap opere nan peyi a.

PNH la reyafime angajman total li nan batay kont gang ame yo, epi li mande popilasyon an pou yo kolabore avèk fòs lòd yo.

Yo mande tout moun pou yo siyalize nenpòt aktivite sispèk, nan objektif pou retabli lapè ak trankilite sou tout teritwa nasyonal la.

Partagez ceci

Roubens Vil

Roubens Vil, journaliste passionné par les sujets d'intérêt public, je mets ma plume au service de ma communauté.