Pòtoprens : Panik apre yon dròn tonbe toupre lekòl “Sacré-Cœur”
Yon dròn tonbe nan kòmansman aprèmidi lendi 13 oktòb 2025 la toupre lekòl “Sacré-Cœur” nan Pòtoprens. Evènman sa a lakòz yon gwo moman panik pami elèv yo ak abit nan katye a, pandan plizyè lekòl t ap toujou fonksyone.
Daprè temwen ki te sou plas, yo tande yon gwo bri ki sanble ak yon detònasyon anvan foul moun yo te kouri vin gade sa k t ap pase. Malgre sa, okenn blese pa rapòte pou kounye a, daprè premye enfòmasyon ki disponib yo.
Otorite lokal yo poko fè okenn deklarasyon sou orijin ni sou nati aparèy la. Plizyè vwa nan kominote a mande pou gen yon ankèt ouvè san pèdi tan pou klere sou sikonstans egzak tonbe dròn nan.
Evènman an rive nan yon moman kote kapital la ap viv anba yon tansyon sekirite ki deja wo. Nan dènye semèn yo, plizyè zòn nan Pòtoprens te vin sèn zak vyolans, sa ki fè popilasyon an rete nan yon klima laperèz ak enkyetid.

