Yon pwofesè tonbe anba bal gang ” Viv Ansanm” nan ri Nikola
Yon lòt zak vyolans frape Pòtoprens vandredi 9 oktòb 2025, kote yon pwofesè pèdi lavi li apre li te viktim yon atak gang . Selon temwen yo, li te sou yon bis ki t ap sikile sou Ri Nicolas lè gang ” Viv Ansanm te vin rale machin nan pou vòlè pasaje yo. Pwofesè a, ki te gen kouraj pale, ta lanse. Yonn jou, sa dwe fini”. Sa ki ta lakoz gang yo fè l desann epi asasinen li sou plas.
Pwofesè sa a se Maurice Dupuy, papa twa pitit, sèl moun k ap okipe fanmi li. Depi ensidan an, fanmi an nan lapenn ak dezolasyon. Yo te pase plizyè jou san nouvèl li, e se nan samdi 11 oktòb yo te konfime lanmò li.
Zak sa a soulve anpil kòlè ak enkyetid nan mitan popilasyon an ki fatige ak ensekirite san fen sa a. Lapolis poko fè okenn deklarasyon sou sa, e jiskaprezan, okenn moun pa arete pou krim sa a.

